KÒMAN POU W RESEVWA KOUPLIMAN

par Bombarde Info
247 Vues



Animatè : John Mathley Cerdieu (Mr Love)

Aprè ou fin li pòs sa, w ap sispann fè moun ki vle fè w santi w byen malonèt.

Envite yon moun vin li avèw!
▪️▪️▪️▪️▪️▪️▪️▪️▪️
Kisa ki yon konpliman?
▪️Yon konpliman se yon pawòl ki konn manifeste estim ou gen pou yon moun!
▪️Yon konpliman se yon ti mo Felisitasyon!

Pafwa yon moun KONPLIMANTE nou epi nou fè li malonèt an retou!

Men kèk ekzanp!
1️⃣
[konpliman]
😇 Wawwww, ou pote yon bèl wòb e mwen twouve li byen chita sou ou!

[repons]
😕 Woy, sim ta diw ou p ap kwè m.
Se nan pèpè a bò anba a wi mwen achte li pou 25 goud. Antouka depiw di.

Ps. Moun lan pa t konn kote w achte rad la, li pa t konn konbyen ou achte rad la e li pa bezwen konnen.
Li jis anvi konplimante w paske w gen gou e pote yon rad ki rann ou elegan.

2️⃣
[konpliman]
😇 Ou vrèman chante (dirije, anseye, preche, pale, sanse) byen, mwen felisitew pou sa.

[repons]
😊Tout glwa pou Bondje.

Ps. Bondje bay chak moun omwen yon talan, yon don, ou ka chwazi itilize l, konsa ou ka pa chwazi itilize l. (Talan an se yon kapasite ou gen pou w byen fè yon bagay kèlkonk) lèw envesti nan kapasite sa, w ap pèfòman. Sa se yon travay pèsonèl ki mande volonte.
Fwi travay sa ap rann moun felisite w e lè moun felisite w se avèk ou li pale men pa ak Bondje.
Se ou menm ki pral konnen si w ap rann glwa a Bondje pou kapasite sa ou byen don an men lè yon moun konplimante w sa rete ant ou menm avè l.

3️⃣
[konpliman]
😊 wawwww, Ou vrèman elegan!

[repons]
💁🏽‍♂️💁🏽 Comme toujours, antouka mèsi.

Ps. Ni mwen ni ou konnen ou pa toujou elegan.
Reponn moun lan « Comme toujours » se pase anba pye konpliman li an.
• Moun lan kapab konnen ou elegan, men li fè sa nan sousi pou l pote yon souri sou lèv ou epi raplew sa.
Men ou menm ou trè mal apresye sa (volontèman oubyen envolontèman)

4️⃣
[konpliman]
😇 Mwen felisitew pou ti pitit ou an, m renmen fason ou leve l, m t ap byen kontan si sa mwen pral genyen yo ta menm jan ak paw la☺️

[repons]
🤭 eh ehhhh, konnen w pa konnen, se Sèlman manje ak dòmi wi li pwòp, se nan goumen wi mwen ye avè l. Antouka!

Ps. Timoun rete timoun, sa pa retire mounite timoun la.
Timoun lan gen bonte, kalite ak defo tou.
Men si yon moun fè yon remak pozitif ou pa ka ap devalorize timoun lan.

5️⃣
[Konpliman]
😋 Awwww, manje a vrèman bon, ou gen 10 dwèt li oui.

[repons]
🤭 Kibò sa, on manje san gou wi m fè se dekwa pou touye vè. M pa t menm vle ofri w menm paske m panse ou pa konn manje bagay sa yo!

6️⃣
[konpliman]
☺️ Ou vrèman bèl.

[repons]
😏 Pase m nan tenten non, ou byen konn moun ki bèl.

Ps. Si w pa kwè nan tèt ou, si w pa abitye valorize bote w, tout sa moun di de ou ki pozitif ap sonnen tankou se yon moun ki ap pasew nan tenten! (Manque d’estime de soi.)

7️⃣
[konpliman]
😇 M renmenw wèw ak madanm ou (mari ou) nou fòme yon koup fòmidab. Mwen renmen konplisite ki gen nan mitan nou an!

[repons]
😏 Kòm ou pa konnen se sa k fèw pale konsa wi! Antouka mèsi kanmenm!

Ps. Limyè se yon bagay ki remakab, se menm jan tou si moun la kapab felisite w pou sa se paske li reyèl. Dayè, « conte de fée pa ekziste nan ankenn relasyon moun ak moun. » ap gen wo ap gen ba men se fason nou jere sa ki rann nou espesyal e rann moun anvi kopye sou nou.

••••••••••••••
▪️Ki orijin pwoblèm resevwa konpliman an?
• Pwoblèm sa konn soti nan fanmi yo. (Manman, papa, pitit……)

Lè timoun lan fè yon bagay ki mal, nou flanke l baton nan dada l, men lè l fè sa ki bon nou pa felisite l sou pretèks, “depiw felisite yon moun pou yon bagay li fè ki byen, tanke l kontinye l ap dewoute🤥”
Sa vin lakòz timoun lan plis abitye ak jouman yo pase konpliman yo e lè yon moun resi konplimante yo, yo panse se nan tenten moun lan ap pase yo. (Sa se orijin “Manque d’estime de soi tou”)
••••••••••••••
🛑 Ase pale, Kijan mwen dwe resevwa konpliman?
Avantou, pouw bay valè ak yon konpliman yon moun fè w, ou dwe gen sa nou rele « ESTIME DE SOI » a.
(M te pale de estime de soi nan yon pòs deja👉🏽 lyen an nan espas kòmantè a)

Lè yon moun felesite w, OU DWE GADE L NAN JE AK YON SOURI EPI DI L MÈSI.

Ou ka ajouje tou «yon felisitasyon ki soti nan bouch yon moun tankou w m pran sa a kè! Mèsi.

Quitter un commentaire

* En utilisant ce formulaire, vous acceptez le stockage et le traitement de vos données par ce site Web.

Vous pourriez aussi aimer