23 pèsonalite ki make Bonbadopolis pou lane 2021

par Bombarde Info
496 Vues

INISYATIV NOU YO PAGEN PRI.

23 Pèsonalite / enstitisyon ou asosyasyon ki make ane 2021 an nan komin Bombardopolis swa pou angajman yo nan Komin nan, swa pou inisyativ pèsonèl ou kolektiv yo, swa pou vizibilite y ap bay komin nan.

N-B: LIS SA A FÈT SELON OPINYON PÈSONÈL MWEN, SELON APRESYASYON PA M AK ENFOMASYON M REKEYI. LI P AP JANM SATISFÈ TOUT MOUN

1- Viana Fleurima, li se yon gro antreprenè ki pran anpil risk. Li se youn nan premye Antreprenè ki fè moun kwè Bonbad se yon teren vyèj, Paradise Hotel ki se yon Paradi pou zòn nan pwouve nou ke bezwen an te ijan. Viana, moun Bonbad renmen w.

2- Frandy Francois, yon jenn chantè k ap fè anpil efò nan domèn kiltirèl. Li envesti tan l tou nan pwomote komin nan epi pran kèk inisyativ pèsonèl pou bote vil la (gade figi bouko, Fontèn wap konprann)

3- Lakay Production te envesti tan l ak savwa li pou fèt Patronal lan te trè bèl, nou felisite yo pou sa. Fè yon bal ak yon djaz tankou Septan nan zòn nan se yon garanti lajan pèdi, men yo pa t gade sou sa

4- Nou se Bonbad pwodiksyon, yon lòt gwoup jenn fanm ak gason nan komin nan ki chwazi mete lajan deyò san ankenn entansyon fè profi pou bay Komin nan yon bèl vizibilite (fèt Patronal la te grandyoz ak Kreyòl La). Mesye sa yo trè konbatif tou epi yo prè fè nenpòt sakrifis pou zòn nan. Se pa premye inisyativ yo.

5- Paul Enock Henry, gason kanson ki kwè nan aktivite espòtif ak developmantal. Li chwazi reprann foutbòl komin nan an men. Ak mouvman vène 2030 lan kise yon bèl pwojè ke m ap chèche plis enfòmasyon sou li, mwen panse ke Jenn gason sa a gen anpil pou nou di l bòn chans.

6- Oralus Christ-Falin, jenn ekriven/powèt, ou paka pa site non li nan zafè Lakilti ak literati nan Bonbad. Li ekri plizyè rekèy powèm deja. T-Christ pa lage tande frè m epi mwen bezwen nouvo liv ou a wi.

7- Remilien Rodlet, yon jenn gason trè dinamik ki prè poul batay ak konviksyon pou sa li kwè. Radio Focus ka temwaye konba li ak detèminasyon l.

8- Ternicien Jocirin, li pa yon jounalis de fòmasyon men atravè Bombarde info, li toujou prè pou enfome moun Bombarde k ap viv tout kote nan mond lan de sa k ap pase nan vil la (Bon jan nouvèl).

9- Bombarde Info, yon ekip byen solid ki genyen anpil jenn trè konpetan ladanl ki chwazi envesti tan yo pou enfome moun Bonbad sou sa k ap pase nan peyi a. Chapo pou nou mesye. (Inovasyon ak bon jan enfo).

10- Natacha Dupré, li kwè nan travay epi l gen gwo vizyon. Gras ak li, 17 Oktòb ki se te fèt komin nan pa t pase inapèsi. Bon travay Madam Dupré.

11- Pory Cledanor, otodikdak nan plizyè domèn, li gen anpil foug, li se yon moun ki kwè nan travay epi li pozitif. Misye kenbe vil la an vi. Kenbe rèd Pory.

12- Jean Michel Moise, gras ak inisyativ pèsonèl li, li batay pou dlo pa yon liks nan Bonbad ankò. Li fouye anpil pi dlo nan plizyè kote nan zòn nan. Bon Travay Jean Michel.

13- Lovena Telsaint, li oze òganize yon fwa nan vil la, Fwa koulè Lakay ki te trè enteresan eki valorize pwodiksyon lakay. Inisyativ sa yo pa piti, yo mande yon lidèchip eklere pou yo reyisi.

14- Belony Cirilien, si w se moun krèv ou paka pa konnen jenn sa a ki chwazi depanse fon pèsonèl li pou reyalize yon gwo Festival nan Krèv. Kontinye konsa.

15- komisyon minisipal lan, mwen aprann ke y ap travay ak zong yo pou reyalize kèk bagay nan komin nan. 17 Me ak travay yo nan kad ranje kèk moso wout ka temwaye pou yo.

16- Berwisna Alusma Woussa, yon jenn antrepenè ki trè optimis. Li gen yon mouvman ke l inisye ki rele Bombarde Urgence ki la pou reponn ak kèk ijans zòn nan. Sipò tout moun ka edel fè plis.

17- Annou Rekonstwi lakay, se yon asosyasyon laplatfòm, yo travay sou kèk twonson wout nan zòn pa yo. Kenbe la mesye.

18- AJAGBO, yo travay nan lakilti, y ap travay di pou mete yon Bibliyotèk nan zòn nan. Inisyativ Bibliyotèk la pa nouvo paske nou sonje gro travay ke MAB te fè pou mete yon Bibliyotèk nan Zòn nan. Mwen swete yon bon jan kolaborasyon ant AJAGBO ak MAB pou byennèt zòn nan.

19- Dumorney Henry Max, Mèt Mamas pase de prezantasyon e nou tout konnen ke li se youn nan bibliyotèk anbilan, ansiklopedi ke nou genyen nan zòn nan. Li toujou prè poul kolabore ak nenpòt moun ou asosyasyon ki nan kad rechèch bezwen enfòmasyon sou zòn nan. Mesye sa a kite anprent li nan edikasyon zòn nan.

20- Nesma Duprat, ofisye deta sivil, li konn sa lap fè epil gen bonjan devouman. Li fè anpil inovasyon nan zafè eta sivil komin nan. Li fè moun nan zòn nan konprann ke maryaj sivil pa yon fatalite. Bon travay Duprat.

21- Siliana Pierre Telsaint, li envesti nan domèn restorasyon. Li pran gro risk nan amou l pou zòn nan pou mete yon bèl Restoran nan laplatfòm. Map vin manje ladanl trè byento.

22- Carly Jean Baptiste, yon lòt antreprenè ki kwè ke envesti nan komin nan pa yon move bagay. Anpil moun temwaye koman Vanilla Bar-Resto gen Bèl dekò men sa ki pi enpòtan an yo bay Bon sèvis.

23- Walter Wisdom Fleurimé, si m di yon ti bat bouch sou Bombarde, non ak imaj jenn gason saa paka pa monte nan tèt ou. Ak tikras mwayen pèsonèl li, li kreye yon platfòm pou envite moun vin pale de problèm zòn nan epi pwopoze solisyon. Misye gen anpil foug, li gen gwo vizyon epi l trè atache ak zòn nan. Walter, travay ou a pa gen pri frèm, li mande anpil detèminasyon ak kouraj. Bon Konba frèm.

Gen anpil moun k ap fè gwo travay men ki pa kanpe devan sèn nan. Nap mande kontinye paske travay yap fè a nòb tou. Kidonk Mwen mete chapo m byen ba pou m salye kouraj 23 pèsonalite sa yo ak sa k ap travay san fè bri yo. Ke inisyativ nou yo pèsonèl nan yon kad byennèt ekonomik oubyen inisyativ developmantal pou zòn nan, m ap di nou konba nou an pa gen pri. Viktwa a pa lwen rive.

Si nou met tèt ansanm, nou ka reyalize anpil bèl bagay.

Jean Luc DACEUS.

Quitter un commentaire

* En utilisant ce formulaire, vous acceptez le stockage et le traitement de vos données par ce site Web.

Vous pourriez aussi aimer