Li danjere pou fanm gen gwo doulè pandan règ yo. Kisa yo dwe fè lè sa rive ?

par Mélissa Ferol
320 Vues

Pou anpil fi, règ yo vini ak gwo soufrans « se ak kòd mwen mare ren m lè m gen règ mwen tèlman m gen gwo doulè, pafwa mwen konn menm fè de moun chita sou vant mwen pou m jwenn soulajman » se sa Margaret rapòte nou.

Nòmalyèn nan te konn panse li nòmal pou l konsa a chak fwa li gen règ li, men doktè yo pa dakò gen kèk nan yo ki di fanm pa oblije gen gwo soufrans lè yo gen règ.

Nan lang medikal la, gwo doulè règ medam yo konn genyen an rele dismenore. Pwofesyonèl lasante yo fè konnen li nòmal pou yon fi genyen ti doulè pandan li gen règ li men pou anpil lòt fanm doulè a konn dejenere. Sa konn lakòz yo kanpe sou tout aktivite yo pandan peryòd la m. Margaret fè konnen, li tekonn gen dyare, tay fè mal ak vomisman a chak lè l nan peryòd sa.

Daprè doktè Samuel, yon medsen jeneralis, genyen twa tip dismenore : Dismenore avan règ ki konn vini ak kèk sentom tankou doulè nan tete, chalè san rete se sa yo rele sendwom premanstriyèl la ; Dismenore pandan règ la ki pote gwo doulè a; Twazyèm tip dismenore a se doulè fanm nan konn santi lè règ la pral fini.

Doktè a kontinye poulm l di, matris fanm nan jwe yon gwo wòl nan koze règ la paske li sekrete yon òmon ki rele prostaglandin e se li ki responsab efè kontraksyon nan kò yon fanm.


Gen kèk lòt espesyalis ki fè konnen, doulè dismenore a pa manifeste menm jan lakay tout fi paske chak moun diferan, jan l deranje yon fi li anpeche l al nan aktivite l, li ka pa twò deranje yon lòt, se sa k fè yo di nenpòt doulè yon fanm ka genyen, li ka pran remèd pou l jwenn soulajman. Pou medam ki soufri dismenore yo, gen kèk tretman yo kapab fè. “Yo ka pran medikaman avèk yon preskripsyon , oubyen konsa tou yo ka chwazi pran remèd fèy pou soulaje gwo doulè règl chak mwa.”

Gwosès soulaje gwo doulè règ

Pafwa yon gwosès konn soulaje gwo doulè medam yo konn sibi. Nan koze règ la, elizabèt deklare, aprè akouchman premye pitit li a, se ak kè kontan li konstate ke li pa janm gen doulè anko lèl gen règ li.

Espesyalis yo bay yon eksplikasyon klè sousa, pandan yon fi ansent, li pa ovile kidonk matris li pa gen òmon prostaglandin lan ki libere ladann chak mwa kidonk fi a vin tankou yon moun ki sou planin natirèl pandan nèf mwa epi apre akouchman an pwoblèm sa a la tou korije.

Mete sousa, yo fè konnen lè fanm nan komanse avanse nan pwosesis menopoz la, li resanti mwens doulè lè yo gen règ.

Espesyalis yo kontinye pou yo di, bon jan egzèsis fizik, bon jan alimantasyon, konsomasyon anpil fui ak legim ap ede medam yo diminye gwo doulè règ la. Pandan moman doulè a tou, medam yo ka itilize yon sèvyèt ki te tranpe nan dlo tyèd sou vant yo. Genyen anpil chans pou doulè a diminye.

Quitter un commentaire

* En utilisant ce formulaire, vous acceptez le stockage et le traitement de vos données par ce site Web.

Vous pourriez aussi aimer