Jounen nasyonal vitamin A : “jòn, wouj, vèt, n ap manje yo, n ap bwè yo, n ap plante yo”

par Mélissa Ferol
297 Vues

Nou depann de vitamine A ou t konn sa? 

Nou ka petèt konn tande y ap di vitamin A jere zafè je ak po men èskew te konnen li pwoteje sistèm iminitè nou tou ? Kontinye li liy anba yo n a konn plis detay sou vitamine A

Nan okazyon jounen mondyal vitamine A, 9 Avril 2022, ID (Initiative Développement), yon òganizasyon entènasyonal k ap travay nan devlopman dirab te òganize yon kokennchenn aktivite sou tèm “jòn, wouj, vèt” n ap manje yo, n ap bwè yo, n ap plante yo daprè yon manm nan estaf teknik òganizasyon an. S on aktivite ki gen pou objektif sansibilize jèn, granmoun, Fanm ansent ak fanm k ap fè alètman pou yo konsome anpil fwi ak legim pou evite plis ka malnitrisyon. Mesaj y ap fè pase nan okazyon sa klè “pa neglije konsome pwodui lokal yo, sa ki gen koulè jòn, wouj, vèt yo paske yo plen vitamin A se pa sèlman vitamin A pou nou konsome men nou dwe manje twa kalite manje :  sa ki konstwi kò a, sa ki pwoteje kò a ak sa ki bay kò a fòs chak fwa n ap manje asyèt nou dwe gen twa koulè sa yo ladann .

Travay sa te deja kòmanse fèt depi kèk lane Nan 4 komin nan ba Nòdwès ak Nan Zile la Tòti, yo apiye kèk enstitisyon sanitè, epi ranfòse kèk òganizasyon kominotè de baz, kèk manb nan òganizasyon ID fè konnen yo distribiye materyèl entranitrisyonèl bay tout enstitisyon ki konsène yo pou prizanchaj tout ka malnitrisyon ki ta prezante nan chak komin paske objektif la se redui volim fenomèn malnitrisyon an.

Kounya ann eseye fè konesans ak vitamine A

Ki  avantaj nou jwenn lè nou konsome vitamine A?

Daprè yon nitrisyonis ayisyen vitamin A se yon eleman ki chita nan fwa nou, li kontribye nan fason n ap grandi, li penmèt nou prevwa maladi je tankou katarak, glokòm, je k ap fè dlo, lasi elatriye, vitamin A ranfòse sistèm iminitè globil wouj ak globil blan yo, toujou pare pou yo defann kò a paske yo pa fatige moun ki konsome vitamin  sa kòm sa dwa, pa gen fyèv ni grip  souvan , nitrisyonis la deklare tou vitamin A anbeli po epi li redui risk tout maladi po.

Nan kisa n ap jwenn vitamin A?

Daprè sante Kanada chak jou nou dwe manje yon fwi oubyen yon legim vèt, ak yon fwi oubyen yon legim oranj paske kawotenoyid ki ladan yo a bon pou kò a gen yon pakèt aliman nou ka jwenn vitamin A tankou lwil fwadmori, fwa vyann poul, somon, ze, lèt, patat dous, ji kawòt, epina pou n site sa yo sèlman.

Eske yon moun ka pran siplman vitamin A?

Toujou daprè sante Kanada li pa rekòmande pou yon moun pran sipleman vitamin A sitou pou fanm ansent yo sa ka  lakòz gwo dega sou sante nou, se sak fè gen yon ògàn nan kò a ki se fwa, li gen kapasite pou l konsève anpil vitamin A pandan kèlkejou pou  sizanka ta gen neglijans li kontinye pou l di ann eseye pa pran sipleman, se yon bon alimantasyon ekilibre ki rekòmande e l ap sifi pou kenbe kò a djanm.

Aprè tout enfòmasyon sa yo nou aprann sou vitamin A, li plis ke nesesè pou nou bali anpil enpòtans paske vi nou depann de li, li jwe yon pakèt wòl nan plizyè ògan nan kò nou. Ann pa fè neglijans. Ann pa abize non plis paske dòz la dwe ekilibre pou bon fonksyònman kò a. Pa bliye timoun se lespwa demen, se yo k ap ranplase granmoun yo, nou dwe ba yo bon jan manje ki gen vitamin A pou yo byen grandi paske jan eslogan an di timoun jodi granmoun demen.

Quitter un commentaire

* En utilisant ce formulaire, vous acceptez le stockage et le traitement de vos données par ce site Web.

Vous pourriez aussi aimer