Lamanjay, yon restoran Ayisyen nan Sendomeng k ap gen pou selebre 2 lane yo 3 Septanm k ap vini la

par moisesavensley
200 Vues

2 Septanm 2023 Lamanjay se yon Restoran ak Lounge 100% kreyòl nan peyi Repiblik Dominikèn ki pral fete 2 lane egzistans li, 2 lane depi y ap sèvi kominote Ayisyèn lan atravè divès sèvis.

Nan dat 3 Septanm 2021, restoran sa te louvri nan Repiblik Dominikèn kote y ap sèvi anpil bon pla kreyòl, bwason, san konte ofri kominote nou an yon espas pou òganize aktivite sosyal ak kiltirèl.

Lamanjay fonde pa Roberto PIERRE PAUL ke tout moun konnen sou non Berto Bèl Plezi ki se ansyen chantè group mizikal Bèl Plezi. Nan restoran sila genyen tout manje kreyòl yo,pami yo nou jwenn lalo ki se yon legim orijinè Latibonit, legim militon, diri, mayi, elatriye… Lamanjay gen yon gwo enpak nan kominote Ayisyèn nan an Repiblik Dominikèn e se yon referans nan zafè bon manje kreyol ak nan domèn kiltirel, nan menm espas Lamanjay la propriyetè l ki se Berto Bèl Plezi ofri plizyè aktivite kiltirèl kote anpil atis Ayisyen konn pèfòme nan divès tandans tankou Rap, Rabòday, Rasin ak anpil lòt ankò. Restoran an konn ofri plizyè pèfòmans anpil ikon nan Endistri Mizikal Ayisyen la tankou Roody Roodboy,Tonymix, Baky, T-Vice ,Sweet Micky pou n site sa yo sèlman.

Ak yon espas inik, restoran sila ofri tout sitwayen Ayisyen k ap viv oubyen vizite lakay vwazen an yon refij kote y ap kapab santi yo lakay yo.

Lamanjay Restoran ak Lounge konte òganize yon fèt san parèy pou 2 lane sila, 2 lane depi y ap bay bon sèvis, depi y ap resewa tout kalte moun ke se Ayisyen ak lòt nasyon ki vin dekouvri pla kreyòl nou yo.

Moïse Savensley Redaktè Direktè Piblikasyon HTV93

Quitter un commentaire

* En utilisant ce formulaire, vous acceptez le stockage et le traitement de vos données par ce site Web.

Vous pourriez aussi aimer