Kilti: Slamè FELLO genyen yon nouvo pwojè deyò ki titre “Se ra se ta”

par moisesavensley
334 Vues

Pwezi se yon zam, lè w konnen kijan pou w sèvi avè l li kapab pote bon jan rezilta .
Nan nouvo jenerasyon an, kapab manke jèn ki pa konprann sa men genyen tou tankou Fello, yon jèn slamè, atravè pwojè li yo k ap lite pou l reveye konsyans pèp Ayisyen.

Nan lane 2022, Félix Ed LORVANDAL te soti EP li a ki te titre 《712》. Pwojè sila te bay anpil kè kontan epitou, li te ouvè yon fenèt byen laj sou kalite jeni ki nan plim slamè a. Fello ki retwouve tèt li nan jeni franko-senegalè Souleymane Diamanka, gen yon nouvo pwojè sou tab la.

Atravè nouvo pwojè li a : 《Se ra se ta» , twounipwa a deside frape pye l atè kont sistèm edikatif Ayisyen an e li lonje dwèt li 17 longè sou FIC ki daprè li se youn nan koz aneyantisman konsyans nasyonal nan sosyete nou an. Li depenn anpil reyalite e montre militans li antanke jèn Ayisyen.

Ak chedèv sa ki gentan disponib sou tout platfòm li yo, Fello pote nan djakout li bon jan rim, bèl jwèt mo ak anpil ponnchlay ki bon pou zòrèy ak pou nanm.

Nan yon ti pale ak redaksyon Savoir d’Haiti , Slamè a te pwofite salye tout sipòtè li yo ki pote non《Fanmi Fello》ki te la avèl depi nan kòmansman jouk kounye a. Pou li, yo se sous motivasyon l.

Jean Rodsny Zinévard Douze

Quitter un commentaire

* En utilisant ce formulaire, vous acceptez le stockage et le traitement de vos données par ce site Web.

Vous pourriez aussi aimer