Ki enpòtans ribrik Bombarde Info Juridico-secu nan lavi nou?

par T-Wens Haiti
190 Vues

Animatè : Wens Desilorme Jacques Simon

Li enpòtan lè ou metrize anviwònman global ak anviwònman imedya kote ou rete a, ak kotew konn al nan aktive ou yo. Ou dwe chèche konnen nòm kiltirèl zòn yo, koutim kominote a, atitid ak konpòtman moun yo, fòs yo, limit yo, sa vle di kapasite pou yo pale lang lokal la/yo, ak nivo sansibilite yo nan zafè kritik. Bombarde Info juridico-secu se yon ribrik jistis ak sekirite k ap mete an plas kèk politik ak pwosedi ki ka penmèt manm li yo diminye risk nan sa ki gen pou wè ak jesyon risk, jistis ak sekirite. Enstriman sa yo ap efikas, se lè chak moun k ap swiv ribrik sa a mete yo an aplikasyon. Nivo preparasyon, metrize risk potansyèl yo, atitid apwopriye, konpòtman ak reyaksyon w, ka penmèt ou kenbe tèt ou an sekirite.


Gen 6 etap ki ka penmèt ou amelyore sekirite tèt ou :
1- Konsyans : lè w ap evolye yon kote, ou dwe gen yon vizyon global de li, toujou chèche konnen pèsepsyon lòt moun genyen de ou, toujou eseye idantifye fòs ak feblès ou, limit ou ak abitid ou elt.
2- Anviwònman global ou : Fè yon ti analiz sou sa ki karakterize popilasyon an, dinamik k ap devlope nan mitan yo, gade sitiyasyon sosyal ak politik yo, gade nivo serikite zòn nan, verifye tout tip menas ki genyen yo, gade frekans ensidan sekirite yo, eseye konprann jan moun zòn nan wè w.
3- Anviwònman imedya ou : Swiv media local yo, li jounal ki soti sou zòn nan, gade chèn televizyon ki nan zòn nan, ou ka verifye kat gewografik zòn nan tou, pouw ka wè tout posiblite ki ta ka genyen siw nan sitiyasyon pouw evakye, ou ka mande kèk moun ou komanse devlope relasyon ak yo bon jan ransèyman sou zòn nan tou.
4- Pèsepsyon lòt moun yo :
Jan lòt moun wè w ka afekte atitid yo ak konpòtman yo ak ou, depi w swiv ribrik sa a, ou dwe entegre prensip sa yo nan jan w ap fonksyone :
· Respekte kwayans relijyez moun yo, nòm kiltirèl yo, koutim lokal yo.
· Ou dwe respekte tout moun, ansyen yo ak notab yo an patikilye, montre yo ke w gen anpil respè pou yo, toujou rete kalm e jantiy lè wap pale avèk yo.
· Eseye metrize nòm tradiyonèl lokal yo, ki fè pon antre gason ak fanm.
· Pa janm bliye bwè alkòl ak fimen ka konsidere kòm yon bagay ki nòmal nan kilti pa w, e yo ka pa wè l konsa e menm jije inakseptab nan anpil lòt kilti.
5- Oto-konsyans:
Ou dwe pran konsyans de tout sa ki ta ka konsène w :
· Fòs ak feblès ou, nivo metriz ou nan lang lokal la, ki nivo valè ou genyen nan zòn nan, ki nivo tolerans moun ki pa aksepte w ak valè ou genyen an, ki nivo sansibilite w lè yon moun ap kritike w pou ti moso valè ou genyen an elt.

Quitter un commentaire

* En utilisant ce formulaire, vous acceptez le stockage et le traitement de vos données par ce site Web.

Vous pourriez aussi aimer