Yon jèn ayisyen mete sou pye yon pwogram lekol Sou entènèt

par Mélissa Ferol
296 Vues

Depi kèk lane gwo van ensekirite pa sispann blayi sou tout peyi a, san konte kowonaviris k ap vale teren depi plis pase yon lane epi ki lakoz anpil latwoublay. Tout moun preske pè pran lari, lekol gen gwo difikilte pou louvri pòt yo. Fleuriot Silien, yon jenn gason ki soti Gran gwav nan lokalite Moren, li gen fòmasyon inivèsitè nan kesyon jeni elektwonik, yon etid li pou swiv ant 2014 ak 2019 nan Fakilte Syans Aplike (FDSA), deside mete sou pye yon pwogram enstriksyon sou entènèt la ki pote non “lekol nèt”. Yon mannyè pou timoun yo aprann pi byen san estrès. Fleuriot se yon pasyone pou zafè elektwonik. Li swiv plizyè fòmasyon nan kesyon devlopman pwogram enfòmatik epi vann sèvis li ak plizyè enstitisyon nan domèn devlopman Web. Bombarde Info te gen chans rankontre ak li epi pale ak li sou pwogram lan.

 « Premye sous enspirasyon m soti nan sousi pou mwen itil sosyete mwen an. Anviwònman mwen an pouse m renmen teknoloji epi enspire m tou pou kreye yon bagay. Mwen gen modèl moun ki reyisi nan teknoloji a m ap swiv epi ki ankouraje m avanse. Apre sa se pwoblèm aktyèl yo ki  oryante m sou bezwen sosyete a. Mwen te konn ap fè ti jwèt pou m jwe epi yon  jou, apre mwen fin gade videyo yon pwofesè nan lafrik k ap pale elèv li sou pwogram elektwonik pou lekòl epi mwen te tou lage m nan fè rechèch sou fonksyònman lekòl, nivo pedagojik ak administrative, epi mwen mande konsèy. Mwen ale pazapa. Depi 2016 mwen kòmanse. Chak jou m ap amelyore pwojè a ak konsèy lòt moun. An 2020, mwen te pèdi pwojè a, tout done yo te efase. Mwen te dakò rekòmanse. Epi se nan rekòmanse a, mwen pwal ateri ak yon pwogram ki estrikteman pwofesyonèl epi sekirize. Objektif final « Lekò nèt » se rive entèkonekte lekòl yo. Sistèm sa ap pote plis chalenj nan mitan lekòl yo. Gen de done ki ap disponib sou sit la e k ap fasilite enfòmasyon yo disponib pou Ministè Ledikasyon Nasyonal ak pou tout moun. Lis fòmasyon klas, li desizyon final, rezilta egzamen ofisyèl ak anpil lòt enfòmasyon ki konsène ledikasyon nan peyi a ap gen plas yo sou pwogram lan.» sa se te vwa Fleuriot Silien.

Silien te pran tan l eksplike nou, enskripsyon yo ap fèt sou entènèt la gras ak yon website ak yon aplikasyon ki disponib pou telefòn entèlijan. Aplikasyon sa ap pèmèt tout pwofesè touche san pwoblèm, lis kantite élèv pou chak klas ap disponib tou gras ak aplikasyon sa epi paran yo ap gen chwa tou pou yo fè timoun yo swiv kou yo sou nèt la, y ap jwenn liv elektwonik ak kèk videyo ki tou gen rapò ak kou yo konsa yo ka telechaje yo pou yo li yo san entènèt.

Kokennchenn pwogram sa soulaje anpil paran selon kèk kòmantè ak echanj nou te genyen. Yo eksprime lajwa yo pou bèl inisyativ sa ”e pa ti kontan m pa kontan pwogram sa paske kè m toujou sou biskèt lè m voye pitit mwen yo lekòl nan lari pa bon sa. Se lè yo rantre lakay mwen ak papa yo gen tèt poze” nan vwa madan Djonn ki abite Nazon.

Jèn elektwonisyen an konte sou kolaborasyon  ministè Ledikasyon Nasyonal pou pwogram sa kouvri majorite lekòl nasyonal yo ak kolèj yo konsa flanbo ledikasyon an ka monte pi wo. Plis timoun ap gen aksè pou yo aprann san grate tèt.

Quitter un commentaire

* En utilisant ce formulaire, vous acceptez le stockage et le traitement de vos données par ce site Web.

Vous pourriez aussi aimer