Sa w dwe konnen de Moïse Savensley

par moisesavensley
44 Vues

Yon esktrè show “Pale m de ou” ke Stratège Group reyalize pa tèks mesaj, show sa kote Moïse Savensley te patisipe a te fèt 12 Novanm 2023

1- Pou sila ki pa konnen yo, ki bon non “Savwa peyi a”?
R: Savensley MOÏSE.

2- Ki dat nesans ou? Kote w fèt la, se la w grandi?
R: 21 mas 2001.
-Non. Mwen fèt Gonayiv, mwen grandi Pòtoprens.

3- Bay lis lekòl klasik ou te frekante yo.
R: Collège Fernand Hibbert des Gonaïves / Institution La Pléiade des Gonaïves / L’ABC Joyeux Gonaïves / Univers Frère Raphaël / Collège Mixte Albert Dorelien.

4- Ki non paran w?
•Kisa Moïse reve devni nan vi l?
R: Armelle Desmangles. Moïse Agenor.
-Yo anpil. Men sa m ka di ak piblik la se pou m vin youn nan pami gran pèsonalite medyatik ayisyen.

5- Ki pwofesyon Moïse?
R: Mwen se Jounalis Digital, Mikwo Enfòmatisyen ak Fondatè Savoir D’Haïti ki se yon platfòm Sosyo-Kiltirèl an liy kote nou pataje de enfòmasyon, Nasyonal ak Entènasyonal atravè Rezo Sosyal yo.

6- Kisa k te pouse w mete “Savoir d’Haïti” sou pye?
R: Premye bagay la depi lè m te nan primè (epòk m te Pòtoprens) m te toujou di rèv mwen se vin Jounalis. Yo konn ap bay devwa nan klas la, map make non senatè, depite, jwè foutbòl pou m etidye… Pafwa manmanm te konn kale m, anpil te di m fou, epi se konsa m ap grandi epi an 2020 m te toujou ap swiv 2 figi piblik anpil se “Carel Pedre” ak “Sajous Gelumer” fason y ap pale sitou Sajous li te toujou ap di jèn yo kreye on bagay epi la m tou lanse. Men epòk sa se te konesans sèlman m te konn pataje. Se aprè m kwè yon lane m kòmanse ap bay lòt enfòmasyon politik elatriye…

7- Kijan w ka eseye defini “depresyon” pou nou?
R: Depresyon se eta afeblisman yon moun mantalman, li konn kreye vi a sitiyasyon ekonomik, sosyal moun lan ap viv la. Se yon sitiyasyon nenpòt moun kapab tonbe ladann sevre, men ou dwe jwenn solisyon pou evite li afekte w plis.

8- Si w pa t jounalis, ou t ap kisa?
•Bay jèn ki anvi pran menm direksyon avè w yo yon konsèy.
R: Polisye.
-Premye bagay lan se respè. Epi gen konesans, kwè nan sa w ap fè a epi met granmoun sou ou.

9- Antanke youn nan aderan l yo, kisa “Stratège Group” reprezante nan zye w?
R: Bon pou mwen sa plis ke yon gwoup Watsap. Pou mwen s on fanmi, nou ka fè plis nan kominote Gonayivyèn lan si nou kontinye sou menm lanse a.

Écrit par Roudly Lorgea / Fondateur de Stratège Group

Quitter un commentaire

* En utilisant ce formulaire, vous acceptez le stockage et le traitement de vos données par ce site Web.

Vous pourriez aussi aimer