Kijan pou nou vijilan?

par T-Wens Haiti
146 Vues

Animatè : Wens Desilorme Jacques Simon

Pou sekirite nou tout, li enpòtan pou n konnen kòman pou nou Vijilan.
Vijilans: Vijilans lan ede w ou prepare w mantalman pou sitiyasyon ou ta ka twouve w, e li pèmèt ou reyaji an konsekans. Pandan w ap rete vijilan, ou dwe idantifye tout aktivite ou pa abitye wè. Ou dwe verifye si pa gen moun kap siveye w, k ap swiv ou lè w nan lari. Lè w ap gen abitid kite lakay ou, ou byen travay ou e ou toujou fè menm wout yo chak jou, sa ka metew an danje, moun ka gen kontwòl ou fasil. Pou w redwi risk yo, ou dwe chanje wout, sa vle di pa pase nan menm wout yo a menm lè chak jou, pandan w ap toujou rete vijilan.
Pou w ka kenbe vijilans ou wo, ou dwe rete atantif e veyatif :

  1. Siveye antouraj lakay ou, kit ou lakay ou, kit ou nan travay ou, siw nan lari, byen kontwole si pa gen de siy ki ka mete w sou men w tankou, si yon moun ap plede fikse w, veye si pa gen moun k ap swiv tout sa w ap regle e k ap pran nòt, veye si moun nan p ap fè yon apèl aprèl fin fikse w, veye si pa gen machin/moto osinon yon moun a pye k ap swiv ou.
  2. Toujou fè bon sans ou konfyans, si w remake yon bagay ki biza sou wout ou, fè atansyon a sa, eseye detekte tout aktivite ou pa abitye wè.
    An gwosomodo, vijilans lan se yon atansyon soutni ou pote ak yon bagay, men se avèk dilijans.
    Vijilans lan edew prepare w mantalman pou sitiyasyon ou ta ka twouve w, e li pèmèt ou reyaji an konsekans.
    Menm lè w pran prekosyon sa a ou dwe toujou rete vijilan.
    Vijilans lan pèmèt ou redwi ekpozizyon w fas a risk potansyèl yo,
    Vijilans lan pouse w kenbe yon nivo atansyon apwopriye, pou anviwonman ou twouve w la.

Quitter un commentaire

* En utilisant ce formulaire, vous acceptez le stockage et le traitement de vos données par ce site Web.

Vous pourriez aussi aimer