Kilès lòm natirèl la ye selon labib ?

par Bombarde Info
385 Vues

Animatè : Bapnilis St Fleur

An nou prete ti atansyon sou tèm sa a < Lòm> selon sa BIB la anseye nou. Se yon privilèj pou mwen e m ap di w anpil mèsi, paske ou chwazi pran yon ti tan pou ou fè lèkti edisyon sa a. Mw swete ou byen vini. E Mw swete nou gen yon bon moman ansanm. Twa kategori lòm n ap wè ansanm yo se :
1) lòm natirèl
2) Lòm chanèl
3) Lòm espirityèl
Jodi a n ap pale de lòm natirèl la.


Kilès lòm natirèl la ye ?

Lòm natirèl la oubyen lòm animal la se yon moun ki dirije ak “sans” li yo, ak sa li konnen sèlman (Konesans). Se yon moun ki pa janm rankontre Bondye, se yon moun ki pa janm konnen ”Jezikris” kò m Seyè ak Sovè. Li etranje de sa nou rele lavi nan Bondye, sa vle di li pa konnen sa nou rele nouvèl nesans lan.

2 Korentyen 5:17
Si yon moun ap viv nan Kris la, li vin yon lòt moun. Bagay lontan yo disparèt, se lòt bagay nèf ki pran plas yo koulye a.

Lòm natirèl la rete san l pa chanje paske l pa gen Lespri Bondye nan li. You n nan bagay ki trè enpòtan ou dwe konnen, depi nan vant ou se lòm natirèl, selon sa Bib la anseye nou.
Sòm 51:5
(51:7) Wi, depi m’ fèt, mwen fèt ak peche nan kè m’. Depi nan vant manman m’, mwen gen peche nan kè m.

Lòm natirel la se yon moun ki kondane, e ki p ap eritye lavi etènèl ki soti nan Jezikri sof si li rekonèt li se yon pechè. E li konnen li bezwen yon sovè. E li dakò pou li resevwa Jezikri kòm sovè e seyè nan lavi li. Amèn.

Jan 3:36
Moun ki mete konfyans yo nan Pitit la, yo gen lavi ki p ap janm fini an. Moun ki dezobeyi Pitit la, yo p ap gen lavi sa a. Se kòlè Bondye k ap tonbe sou yo.

** Si lòm natirèl la deside li kapab soti nan kategori sa a. Si li resevwa JEZI KRIS nan lavi li kòm seyè ak sovè.

Jan 1:12
Men, sa ki te resevwa l yo, sa ki te kwè nan li yo, li ba yo pouvwa tounen pitit Bondye.

An rezime gen twa bagay Lòm natirèl la dwe konnen :

1)Li se yon pechè

Women 5:12
Se poutèt yon sèl moun peche antre sou latè. Peche a louvri pòt pou lanmò. Se konsa lanmò vin pou tout moun, paske tout moun fè peche.

2) Li se pitit Satan

Jan 8:44 : 44
Se Satan ki papa nou. Se s ak fè nou vle fè sa papa nou vle. Depi nan konmansman se sa ase l ap fè: touye moun. Li pa janm pran pozisyon pou verite a paske pa gen verite menm nan li. Depi l louvri bouch li, se manti l ap bay paske se mantò li ye. Se papa nan bay manti li ye.

3) Li pral nan lanfè sa vle di menm kote ak Satan

Matye 25:41
Apre sa, la pale avèk sa ki sou bò gòch li yo, la di: Wete kò nou sou mwen, nou menm ki gen madichon! Al nan dife ki p ap janm mouri an, dife ki te pare pou dyab la ak zanj li yo.

Men karakteristik lòm natirèl la genyen :

Galasi 5:19-21
Se fasil pou nou wè sa egzijans kò a fè moun fè: se imoralite, malpwòpte ak vis. Se sèvi zidòl, se fè maji, se youn fè lòt lènmi, se fè kont, fè jalouzi, fè kòlè, se youn pa vle wè lòt, se fè ti pil gwo pil.
Youn anvye sò lòt, yo tafyatè, yo saf konsa, ak yon bann lòt bagay ankò y ap fè. Mwen deja di nou sa, epi m ap repete l ankò pou nou: moun ki fè tout bagay sa yo p ap antre menm nan peyi kote Bondye wa a.

Nap ajoute pou nou di yon moun ki moral men ki pa konnen Jezikri se yon moun natirèl li ye tou paske li se yon pechè.

Quitter un commentaire

* En utilisant ce formulaire, vous acceptez le stockage et le traitement de vos données par ce site Web.

Vous pourriez aussi aimer