Pawòl chan “mwen s on chanpyon” (Delly Benson)

par Bombarde Info
1916 Vues

Lyrics : Mwen s on chanpyon

vwa : Delly Benson (Hollysongs Ministries)

                      1

Mwen kreye nan imaj Bondye
Mwen kreye pou m domine
Mwen gen nan Mwen nati BONDYE
Wi Mwen se pitit Bondye

Mwen sou latè ak Yon manda
Bondye voye m tou chanpyon
Mwen pa moun isit mwen sot anwo
Tout sa m ye soti anwo,
Tout sa m ye soti anwo

Mwen se tèt Mwen p ap janm ke
Mwen anwo m p ap janm anba
Mwen pa Yon pèdan, Mwen s on chanpyon
Mwen beni andeyò, Mwen beni lè m nan vil la.
Nenpot sezon Mwen ye m’ap beni
Se Bondye k fèm konsa Mwen béni.

                        2

Kote m’ap viv la pa défini
Jan Mwen dwe ye, eksplwa m dwe fè
Kwayans Mwen se pi gwo fòs mwen
Janm kwè l la, konsa l va ye
Janm di l la konsa m va wè l

Mwen beni, Mwen béni
Mwen s on chanpyon, Mwen s on chanpyon

Quitter un commentaire

* En utilisant ce formulaire, vous acceptez le stockage et le traitement de vos données par ce site Web.

Vous pourriez aussi aimer