Bonbadopolis : Yon gwo moso wòch detache nan mòn ribòt maten an

par Bombarde Info
578 Vues

Pou sila ki ap viv Bonbad lontan, yo tout konnen ki kantite menas mòn ribòt reprezante. Riibòt se yon lokalite ki sitye li ant abitasyon Floksi ak abitasyon Klenèt nan premyè seksyon Platfòm. Lokalite sila genyen anpil resous minyè. Depi plis pase 40 lane, se youn nan kote moun Bonbad eksplwate sab pou konstrui.

Plizyè moun deja ale nan peyi san chapo a koz kèk dega ki koze deja. Pandan plizyè fwa, wòch ak sab kouvri moun nan espas sa yo deja. Jounen Madi 6 Avril la, byen bonè, yon gwo wòch kite pandje anlè, glise tonbe bò gran chimen an. wout sa a, mennen Dèfòj ak Krèv. Nou pa anrejistre dega. Men konsta yo montre, plizyè lòt menas pou sila yo ki ap travay nan espas sila. Paske se pa premye fwa moun yo ap leve, y ap jwenn gwo wòch ki detache ak mòn ranpli espas la.

Kisa n ap tann poun konsidere espas sila kòm yon zòn a risk ? Eske se lè moun k ap pase sou chimen an frape osinon mouri, n ap konsidere yo kòm vilnerab? Eske gen kontwòl ki fèt sou fason moun yo ap eksplwate twou sab yo? annatandan repons yo, anpil moun enkyè pou yon twou ki kòmanse mache sou tèt ti mòn lan pou plonje antre nan nannan latè.

Quitter un commentaire

* En utilisant ce formulaire, vous acceptez le stockage et le traitement de vos données par ce site Web.

Vous pourriez aussi aimer