“Bonbad ijans” kòmanse elimine danje sou kèk wout nan kominite Bonbad yo

par Oralus Christ-Falin
379 Vues

Jounen Samdi 11 Desanm lan, yon gwoup sitwayen Bonbad ki regwoupe nan yon asosyasyon ki rele Bonbad Ijans lanse premye aksyon yo nan mòn Wòchfò sou dezyèm seksyon Dèfòj. Travay sa yo rive posib gras ak koleksyon don epi mobilizasyon moun nan kominite a.

Bonbad Ijans selon responsab la madam Mirmose Alusma, te kreye nan lide pou amelyore plizyè bout wout nan Bonbad. Premye kote yo te vize se Mòn Chen an 2019. Anpil mobilizasyon te kòmanse fèt jiskaske yo ta pwal kanpe paske Prezidan Jovnèl nan fen ane a te vin lanse travay mòn chen yo.

Sa gen 3 mwa depi n ap swiv mobilizasyon ki lanse sou rezo yo pou kontribye pou yo kapab amelyore yon moso konplike sou wout Dèfòj. Travay sa rive fèt nan jounen samdi 11 Desanm lan. Anpil fanm ak gason te prezan. Moun yo di s on fyète pou yo pou kontribye nan aktivite kominote yo.

Devlopman nan Bonbad vin yon bagay andojèn sa vle di se grès kochon an menm ki kuit kochon an. Moun yo retire espwa yo sou leta ak ONG. Moun yo fè leta ak ONG pa yo. Nou gen anpil egzanp. Nou ka site “An nou rekonstwi lakay” k ap travay sou wout Platfòm, “Vène 2030” ki gen plizyè pwojè pou devlope vène nan dis lane, “AJAGBO” ki ap travay nan zafè kilti epi “Bonbad Ijans” ki vize amelyore tout ti bout wout ki kraze.

Responsab Bonbad Ijans yo kontinye reklame sipò tout moun paske travay la pap kanpe. Yo deja anonse nan mwa Janvye a, y ap travay nan mòn Dèmoulen. Anbasadè Bonbad Ijans lan, Berwisma Alusma “Woussa” ankouraje tout jenn nan zòn yo pou pote kole epi remèsye tout moun ki te sèvi kòm yon brik nan bèl kòmansman sa.

Quitter un commentaire

* En utilisant ce formulaire, vous acceptez le stockage et le traitement de vos données par ce site Web.

Vous pourriez aussi aimer