Lis pèsonalite ak enstitisyon ki make Bonbadopolis pou ane 2021

par Bombarde Info
252 Vues

Lis moun ak enstitisyon ki make Komin Bonbadopolis pandan ane 2021 an.

Travay sa a fèt nan lide pou kontinye ak inisyativ nou te pran lane pase pou onore ansanm moun ak enstitisyon ki make Komin Bonbadopolis pandan ane 2021 an. Pou n reyalize travay sila, nou te fè yon etid teren kote n te mennen yon ankèt oprè divès moun k ap viv nan Komin nan. Nou vle raple ke lis sa a pa egzostiv, kidonk se yon seleksyon ki fèt pami ansanm moun ki make Komin Bonbadopolis pandan ane 2021 an.

1)Verné 2030 : se yon gwoup jenn gason ak jenn fanm ki mete tèt yo ansanm pou yo gade kijan yo kapab chanje figi Vène, kòm pwojè pilòt  yo gentan klotire teren foutbòl Vène a epi yo gen nan ajennda yo, nan yon tan ki pa two long, pèmèt chak moun nan kominote a gen tiyo dlo lakay yo. Se yon mouvman n ap swiv ak enterè.

2)Berwisna Alusma : pandan tout 2021 an, Woussa te youn nan prensipal poto mitan inisyativ Bonbad ijans lan. Se yon moun ki pote Bonbad nan kè l. Anplis se yon jenn antreprenèz ki ap eseye konstui tèt li nan kominote a nan pote epis la sou yon lòt fòm. Bravo Berwisna, kominote a gen zye sou ou. Kontinye !

3)Pasteur François Norcilus : se yon moun ki envesti anpil nan kesyon ledikasyon, li reyalize anpil gwo bagay pami yo yon lopital li rive konstwi ak sipò misyon l, yon lopital pou desèvi zòn Rochfò ak Zòn ki anviwonnen l yo. Lè n konsidere nan ki pwen nou manke enfrastrikti sanitè an Ayiti, konstui yon lopital se yon travay ki pa piti. Bravo pou gwo inisyativ sa a ! 

4)Desilien Desliens : se pesonalite ki ap mennen komisyon Minisipal Bonbad la. Aksyon l yo pwouve kòman se yon moun ki gen vizyon, swa nan onore de ansyen pwofesè ki fòme anpil jenerasyon nan komin l ap dirije a, swa nan pran de inisyativ tankou komemore dat nesans komin Bonbad la.

5)Estaf lakay pwodiksyon ak estaf Bonbad pwodiksyon : gras a yo, moman 4 oktòb la te pi bèl avèk de (2) bal ke yo te ògznize.  Se moun ki mete kòb yo deyò men ki pa menm panse ak yon benefis, tout sa ki enpòtan pou yo se gade ki jan yo ka sèvi lakay yo. Ane sa a, yo te fè l ak lanmou pou Bonbad, se te yon reyisit.

7)Yana Pierre Telsaint : se yon moun Platfòm ki chwazi envesti lakay li, nou konnen difikilte ki genyen nan envestisman an Ayiti. Li pran kouraj li ak de men li mete yon ‘’ Bar/Resto’’ Platfòm ki rele ‘’ Rendez-Vous’’. Se yon plis pou zòn nan. Konfigirasyon espas la deja montre ki jan se yon dam ki gen yon gwo vizyon, se yon espas ki atreyan. Prezans ‘’Bar/resto’’ sa a se yon pa nan avansman zòn sila. Alò n ap di bravo ak madam Telsaint.

8)Natacha Blaise : pou dinamisite l, ak foug li nan kad preparatif aktivite pou selebre 200 lane egzitans Komin Bonbadopolis pandan ane 2021. Malgre pa t gen bidjè, li menm ak gwoup li te fè pati pou reyalizyon 200 tyèm komin Bonbad la te fè sa yo konnen pou 200 lane komin Bonbad la te yon reyisit. Chapo Natacha Blaise, travay ou yo ban nou lespwa ke yon lòt Bonbad posib. 

9)Jacques Valbrun : AJAGBO-Gou tout bon : se yon jenn ki gen gwo pwojè pou ede lakay li. De pami yo se eseye mete anba ‘’label’’ AJAGBO yon bibliyotèk sou pye. Se yon pwojè  gwoup sa a ap travay sou li lontan. Yon bibliyotèk, se youn nan zouti enpòtan ki ka ede savwa ak konesans pran jarèt nan komin nan epi diminye delekans jivenil, se yon gwo travay. Nou p ap bliye jefò Valbrun ki vini ak  yon pwojè orijinal ki se mete piman sou yon lot fòm pou mete sou tab lakay kliyan l yo « Gou tout bon ». Se yon bèl pwojè. Bon travay Jacques Valbrun !

10)Paul Enock Henry, Toup pou yo ; se yon jenn ki enveti tan l, konesans li ak lajan l nan kominote a, youn nan bagay ki entèresan, chak ane li toujou pran inisyativ pou ògnize chanpyona eskolè ak lòt ankò nan lide pou kenbe foutbòl la an vi nan komin lan. Inisyativ sila yo pa rapòte l anyen sou plan ekonmik, se toujou volonte ak lanmou pou sèvi kominote l ki fè l  kontinye. Bon travay Paul-Enock, travay ou itil kominote a anpil.

11)Ti Kris : se yon jenn gason nan kominote a ki ap travay epi ki patisipe anpil nan pataje sa l konnen swa nan inyativ li pran nan pote de emisyon “live” oubyen nan radyo kote li abòde tout sijè ki merite louvri je. Epi se yon jenn ki nan demach kote li toujou ap fè pwomosyon pou lèkti nan kominote a, se nan sans sa a li toujou anime atelye lèkti nan kèk lekòl nan komin lan. Travay sa yo merite bravo.

12) Ti bat bouch sou Bonbad : se yon emisyon ki pase sou plizye medya sosyal tankou Facebook ak YouTube, kote prezantatè yo envite plizyè pèsonalite pou vin brase lide sou pwoblèm k ap brase bil Komin nan. Emisyon sa a pote yon diplis nan fòmasyon moun tou parapò ak kalite sijè yo epi envite yo chwazi pou debat ansanm ak yo. Chak emisyon yo pote, se yon moman aprantisaj. Bravo mesye dam, sa n ap fè a bon. 

13) Radyo focus FM/ Duguest ak Odelet : radyo Focus se yon plis nan kominote a lè n konnen ki sa Laprès epi kominikasyon/enfòmasyon ak fòmasyon itil nan lavi yon kominote. Duguest ak Odelet pote pou nou yon radyo ki itil kominote a, ladan l gen de emisyon ki enteresan anpil. Se kalite emisyon l yo ki fè diferans lan. Se yon bèl inasyativ, n ap swiv.

14) Ansyen depite Jean Michel MOÏSE : apre manda l fini, li retounen lakay li pou pote kontribsyon l nan avansman komin lan, konsa li vini ak pwojè fouye pi dlo nan komin lan. Se vre se biznis prive l, men li ede diminye pwoblèm jwenn dlo a nan lakou bonbad, epi li fè sa gratis nan plizyè lokalite.

15) Ivetot Jean Mary : se yon jenn ki bay anpil bourad nan kominote swa nan reyalizasyon fwa oubyen lòt aktivite. Ane sa li vini ak pwojè «KLASIK » ki se yon Djaz k ap evolye nan komin nan kote anpil jenn jwenn posiblite pou montre talan yo epi jwenn yon espas pou evolye plis nan kesyon mizik. ‘’KLASIK‘’ se yon bèl inisyativ ki merite pote kole. Bravo Ivetot Jean Mary !

16) Rilienne Attila : s on fanm ki fin aprann kichòy nan Pòtoprens epi tounen lakay pou envesti. Puiske l deja ap evolye nan chan  syans lasante, Li te estime li enpòtan  pou mete yon famasi Ki rele Medou Pharma (nan memwa manman l), ki la 24/24 pou sèvi kominote a, se yon inisyativ nou dwe onore !

Bravo Rilienne, kontinye pote bourad nan avansman komin lan…

17) Team T-Rich Ak Team dè katich : se 2 gwoup jenn gason ki mete tèt yo ansanm pou pote yon diplis pou Kominote a, sitou nan kesyon animasyon yo mete chak ane pandan peryod fèt patwonal la. Yo toujou kenbe moun yo an alèn pandan tout jounen an epi òganize championa Tikan nan kolaborasyon ak team X.

Se kèk aksyon nou dwe felisite, paske animasyon katye epi chanpyona tikan an rann fèt 4 oktòb la pi bèl ! N ap tann yo nan pi gwo pwojè toujou.

Pou manm oganizatè inisyativ sila:

Djeff-Lindax Fleurimé

Asheley Thernelan 

Bien-Aimé Attila

MarcBonet Nelson

Quitter un commentaire

* En utilisant ce formulaire, vous acceptez le stockage et le traitement de vos données par ce site Web.

Vous pourriez aussi aimer