Vène 2030, 2 lane ap goumen pou devlope kominite Vène

par Oralus Christ-Falin
215 Vues

Vène 2030 se inisyativ yon gwoup kad nan abitasyon Vène mete sou pye pou devlope zòn yo an. Vène sitye li nan premyè seksyon laplatfòm. Li gen ladan li yon ventèn lokalite. Pou koulye a, Vène gen plizyè pwoblèm l ap fè fas selon abitan nan zòn lan, tankou aksè ak yon lekòl kominotè, premye swen, dlo potab, espas detant ak anpil lòt ankò.

Vène 2030, s on konsèp kote mesye yo deside òganize yo ant yo menm pou yon Vène devlope avan 2030. Yon Vène kote tout moun kapab jwenn sèvis pi ba yo san grate tèt.

Yo itilize anpil estrateji pou mobilize fon pou reyalize pwojè yo. Vène 2030, yon konsèp ki vize yon modèl devlopman andojèn (grès kochon an k ap kuit kochon an). Administratè yo rasanble 5 fanmi ak tout alye nan zòn lan, sansibilize yo epi kreye divès mwayen pou fè yo kontribye. Fanmi yo se : Fanmi Henry ak alye, Fanmi Jean Baptiste ak alye, Fanmi Norvelus ak alye, Fanmi Lemieux ak alye epi Fanmi Desliens ak alye.

Depi lane pase, nan mwa Fevriye, yon chanpyona te lanse pou sisite kontribisyon yo. Fanmi yo antre an konpetisyon pou sa ki bay plis la. Epi fon sa yo pwal antre nan kès pou finanse pwojè yo. Plizyè milyon goud antre deja nan kès finansman an. Epi kèk pwojè deja kòmanse reyalize tankou agrandisman pak espòtif Vène a ak Foraj dlo nan espas ansyen konsèy kominotè a.

Pèspektiv yo se enstale yon ponp ak solèy, distribye dlo nan robinè fanmi yo, Konstriksyon rezèvwa, konstriksyon sant sante kominotè, enstalasyon radyo kominotè epi sant kiltirèl.

Ekip k ap mennen inisyativ sa regwoupe 9 moun, se : Roeder Desliens, Claude Desliens, Judeler Desliens, Nally Amande, Sentia Henry, Marquis Norvelus, Viana Fleurima, Paul Hénock Henry ak Robès Jean Baptiste.

Pandan Vène 2030 ap selebre 2 lane li, 9 Janvye 2020 ak 9 Janvye 2022, gen anpil lòt asosyasyon nan zòn lan ki pran inisyativ pou chanje komin Bonbadopolis tou tankou “Adema”, “OBRED”, “An nou rekonstrui lakay”, “Bonbad ijans” “AJAGBO” ak anpil lòt ankò.

Vène devan, se eslogan sa a ekip Vène a itilize. Sa bay espwa ke travay sa p ap kanpe. Wi, devlopman posib!

Quitter un commentaire

* En utilisant ce formulaire, vous acceptez le stockage et le traitement de vos données par ce site Web.

Vous pourriez aussi aimer