Powèt Jessica Nazaire (Lee) fè vwèl pou peyi san chapo

par Bombarde Info
311 Vues

Tout moun ki konekte ak literati peyi dAyiti epi ki renmen li pwezi p ap etranj lè yo pale de Jessica Nazaire ki te gen ti non plim li Lee/Li. Jodo samdi 12 Mas la, redaksyon Bombarde info, jwenn plizyè enfòmasyon ki konfime depa powèt la.

Lee se yon jenn fi plen lavni. Li fèt nan lane 1997. Li pibliye yon rekèy powèm ki titre “Pwa Grate” lakay éditions de la Rosée an Janvye 2019. Lee te gen anpil pasyon pou literati. Li te youn nan chanpyon konkou “fanm ak gason egal ego” C3 editions te òganize nan lane 2020. Lee te plen rèv pami yo, fini etid li nan Kominikasyon sosyal nan Inivèsite Leta Ayisyen an “ILA”. Li te yon jiris epi zèv li yo te konn pote soufrans fanm ak timoun nan peyi dAyiti.

Tout enfòmasyon nou jwenn yo revele, se apre bon ti tan malad li mouri. Ekip nou an afekte ak lanmò sa epi voye tout senpati nou pou pwòch, fanmi ak zanmi Lee.

Quitter un commentaire

* En utilisant ce formulaire, vous acceptez le stockage et le traitement de vos données par ce site Web.

Vous pourriez aussi aimer