Mwen se THÔYA

par Bombarde Info
512 Vues

Tèks : Martine PHEBE

Yo rele m Martine PHEBE

Mwen rele tèt Mwen THÔYA
M idantifye AK Peyi a an jeneral
G on rezon pou sa.

Mwen Fè primè m Vyebou
E Mwen Fè segondè m Nan Lise Aken an

M fè filo Nan Lanne 2013

Aprè kèk rankont m te Fè AK pozisyon m
M te Di tèt Mwen
M vle vini yon Antwo-Sosyològ

Domaj m Pat bon nan konkou Etnoloji.

La,m te oblije enskri nan Dwa

M fè 4 lanne e Mwen renmèt memwa
Senpleman lisans lan ki Pako nan Menm.

Malgre m Fè Dwa
Koze lajistis Ayisyèn
M pa janm twò Byen wè l
Paske l pa reflète reyalite n antanke Pèp
Antanke Ayisyen

M Di tèt Mwen
Jis avoka pap ride m bay kontribisyon m janm Dwe bay li a nan Peyi Zansèt yo bay vi yo pou Nou an

Se konsa m pwal Lanse Thòy’Art nan Lanne 2017kòm dizez
E akòz de sa m te konn fè
Se konsa m pwal Lanse m Nan teyat
Kòm komedyèn
Toujou nan lakou potoprens

E Nou lanse Mouvman Agrikilti-rebwazman Lelvay
Ki se aksyon an nan lanne 2019
Paske Nou di
Si n AP Batay pou moso Zile n Nan
Nou Dwe dabò jwenn granmounite vant Nou

Pou m Di n byen,
M pa gen twò bon rapò AK tribinal
Alevwa pou m ta yon akize

Ebyen Batay Byennèt pou Nou tout la
AP mennen m demen Nan tribinal

Da,
Mèsi pou Lanmou w 🖤🖤🖤🖤🖤🖤🖤

Kontinye liminen
Pou n gen kontwòl rimòt la Souple

Sa m wè pa souvan entèrese m

Mèsi a Chak grenn Nan Nou ki pote solidarite n AK Nou
Mèsi anpil
Lanmou pou Nou

Nou se Ginen
Nou se VODOU

🖤🖤🖤🖤🖤🖤🖤

Quitter un commentaire

* En utilisant ce formulaire, vous acceptez le stockage et le traitement de vos données par ce site Web.

Vous pourriez aussi aimer