DDSKA toutouni

par Oralus Christ-Falin
1700 Vues

Tout moun ki fè mizik konnen klè, sa nou tande a, li pa inikman sa. Mizik lan pa souvan chita sou premye pawòl yo si nou ta vle fè Julien Grenn konfyans lè li di “Mizik la ale pi lwen pase mo yo”. Mizik lan si w dakò ak Platon kapab bay kè nou nanm epi panse nou zèl pou l vole. Non sèlman mizik la s on lang inivèsèl men tou langaj mizik la pa konplike pou atenn emosyon moun si tout fwa prensip amonizasyon ak akò yo respekte. Antouka, yon moun pa bezwen atis pou li konnen yon mizik ki bon ou pa. Mizik la gen sa kòm misyon pou fè nou reve je klè osinon danse menm si tristès akable nou. Dènye sitasyon n ap site n ap site avan nou rive sou DDSKA se pawòl Stendhal ki te di “Pa gen blòf nan bon mizik la, paske l ap antre dwèt nan nanm nou pou l al chèche chagren k ap devore nou.

Konsa, Darline Desca, youn pami atis fanm ki pi popilè an Ayiti fenk sot lage DDSKA, yon mizik ki leve plizyè kalte kòmantè. Nou anvi konprann kisa ki anpeche mizik la pèse kè anpil nan moun ki tande li yo? Eske se pretansyon osinon parès? Eske se atant yo gen de atis sila kite konn chante peyi, powèm ak lavi nan premye albòm li ? Malgre tout deba sou rezo sosyal yo, mizik lan pa sispann resevwa vizitè sou platfòm atis la. Nan moman n ap ekri atik sila, 4 jou apre piblikasyon mizik la, atis la rekòlte 353 849 vizitè sou kont Youtube li, nou konnen li te ka fè plis. Videyo a resevwa 18 K mwen renmen l ak 442 mwen pa renmen l, toujou sou Youtube. Nan kòmantè yo, nou rive jwenn plis moun k ap preche levanjil, k ap mande moun abòne ak yo, sa k ap mande like kòmantè yo, antouka se pa la n ap rete. Ann dezabiye ansanm DDSKA.

Videyo mizik la dire 3 mint 49 segonn. San nou pa antre nan vi prive atis la twòp, mizik sa s on ensitasyon pou gade kondisyon matrimonyal DD nou konnen ki divòse ak èks mari li e manadjè li tou (Wesly Renaud Jean). Nou ka konstate tout viraj ki pran nesans nan vi atis la. Abiman, makiyaj, tèks, dans, tweet ak pòs yo pa menm. Yo tout chanje figi depi apre separasyon li. Se sèten, anpil nèg nan sektè a ap pran chans yo. Malgre atis la anonse li ranplase èks li, sa pap sifi pou ti mesye yo ti zonnen li.

Entwodiksyon mizik DDSKA pote yon pridans pou tout moun k ap itilize rezo sosyal yo patikilyèman atis yo k ap resevwa apresyasyon “Si w pa veye tèt ou bèl tifi / se sou ou y ap fè l o / Te m di w / te m di w / Cheri doudou”. Atis la viv sa l ap di yo. Li konnen milye a. Blofè yo tout kote. Tizonnè yo la. Darline transfòme tèt li an manman kè sansib pou di jenn atis k ap vini yo, men kisa m viv, men kijan pou w fè l. Danola, Bedjine ak Anie ap note, yo kòmanse konprann siman. “Game nan pa dou / kenbe m ap kenbe pou m pa kagou” se tankou atis la ta di “Pridan ak followers yo ti medam”.

Answit, nan dezyèm pati mizik la, ak vè sa yo ki “M pa gen kote pou mawozo banbile / gason total kapital / nèg ki rèd ki gen vayb, se la pou m ye / Jennjan serye ki ka fè fanm vire / Fòk gen bann nan kanaval la / kana pa ka vayb / Fò m ka vire”, atis la pwente yon flèch sou kèk nèg li rele mawozo. Se sèten nan milye a gen mawozo. Se dè moun ki enfliyan, ki gen lajan, ki plen moun k ap swiv yo men ki konprann yo ka kouche nenpòt atis. Mizik sa pa yon bèbè. se sèten, Darline Desca ap pale ak yon moun. Li ka yon animatè, yon chèf medya, yon mizisyen, yon fanatik, elt. Atis la di moun lan, lajan w pa entèrese m, se pik makaya pou w mennen m. Dezyèm pati a fini ak yon pakèt figi estil ki bay emosyon atis la cham pou eksprime dezi li yo ” Fò w ka touche m san pase men / fè m voye dlo lè w pase men / Fè m wè Okap nan Kat chemen…).

“Non mwen se Darline Deska / veye kò m anba n” pati sa sanble yon gode dlo. Atis la voye dlo a, nou pa konn kiyès li mouye. Kiyès ki bay piyay nan milye a? kiyès ki pa ka veye kò yo anba towo yo? Kiyès nan milye a ki pran mawozo?

Pou sila yo ki twouve mizik la malonèt, nou mande èske se pa gwosè atant yo genyen de Darline Desca ki lakoz ? apre yon mizik ak Roody ki pran lemond, moun yo t ap tann plis de atis la. Se domaj, atis la siprann nou ak yon tèks ki alafwa lirik epi polemik an menm tan. Ni sa ki etone, ni sa ki pa etone, li siprann nou tout. Pandan n ap eseye chèche konprann pi plis toujou mizik la, n ap louvri kouraj nou pou n di bit mizik la bèl anpil, melodi a bèl anpil tou. Nou toujou ap chèche konprann poukisa se ak pati DDSKA a majorite moun gen pwoblèm.

Quitter un commentaire

* En utilisant ce formulaire, vous acceptez le stockage et le traitement de vos données par ce site Web.

Vous pourriez aussi aimer