Chronique “Des écoles et des livres” : An Ayiti, lekòl se lènmi liv

par Bombarde Info
4 Vues

Par Marc Exavier

Samdi 25 Me ki sot pase la, ekriven -akademisyen Pierre -Michel Chéry vwayaje pou peyi san chapo. Li te ekri, inikman nan lang kreyòl, plizyè woman, rekèy nouvèl ak lòt tèks anpil moun rekonèt yon gen gwo valè literè ak anpil pwofondè. Se yon zèv ki plonje byen fon nan reyalite ak kilti peyi nou: “Eritye Vilokan”, “Bèbè Golgota”, “Senfoni Nago” ak lòt ankò. Men m ap mande tèt mwen, lè m kite milye kiltirèl la ak Inivèsite a, konbyen moun nan popilasyon an ki konnen Pierre -Michel Chéry ? Konbyen elèv nan Segondè ki janm li yon liv akademisyen an?N ap viv nan yon peyi kote sosyete a pa valorize literati ; pa gen anpil pawòl sou liv nan medya yo. An menm tan pa gen yon foul moun ki gade oubyen koute emosyon sou liv.

Gen yon gwo gwo mezon edisyon nan peyi a, m konn tande non l kòm sponnsò nan retransmisyon match foutbòl chanpyona etranje, jamè nan yon emisyon kiltirèl.Gen yon entèvyou ekriven -jounalis Claude Bernard Sérant te fè avèk Pierre -Michel Chéry nan kad Festival Literati Kreyòl, ki pibliye sou youtube 16 desanm 2020, jiska jounen jodi a videyo a genyen 245 vyouz, apre plis pase 3zan. Nan entèvyou sa a, Pierre -Michel Chéry rekonèt lekòl Ayiti kote ti Ayisyen pa nan kòkòday avèk liv:” Pa gen yon pratik lekti nan peyi a. E moun pa renmen li nan peyi a se pa yon bagay ki fèt pa aza. Pa renmen li a sòti nan sa lekòl fè avè nou: lekòl tiye imajinè nou, lekòl dekole nou avèk li; se lekòl menm ki kraze li. Si lekòl t ap bay timoun 5-6zan, 7-8 tan yo liv ayisyen pou yo li, sa t ap pèmèt timoun yo benyen plis nan kilti yo”.Mwen pran pasaj sa a nan entèvyou Claude Bernard Sérant avèk Pierre -Michel Chéry a m pibliye l sou fesbouk ak watsap, li pwovoke anpil reyaksyon. Majorite moun dakò 100 pou 100 avèk dèfen akademisyen an. Men gen yon zanmi m ki direktè lekòl, k ap fè efò pou l fè elèv li yo li twouve PIMICH egzajere lè l di ” lekòl dekole nou avèk li”. Nou fè yon ti tan ap diskite sou sa. Sa enpòtan pou mwen, pawòl sa yo pwovoke refleksyon paske nou pa gen dwa pa fè lekòl san nou pa reflechi sou finalite, objektif ak metòd yo.

Kesyon lekti nan lekòl an Ayiti mande yon gro deba, yon gwo woumble, yon kòkenn chenn refòm. Mwen gen enpresyon se yon pratik yo trete avèk neglijans oubyen inyorans nan tout nivo. Pa egzanp, bò kote Ministè Ediikasyon Nasyonal, m pa konnen ki dokiman yo elabore oubyen pibliye sou kesyon lekti a, men de je m ban mwen gen anpil anpil lekòl leta, nan Pòtoprens e plis ankò “andeyo” , k ap fonksyone san bibliyotèk, soti nan lise rive nan lekòl kominal. Menm EFACAP yo, sanble se pa tout ki gen bibliyotèk. Kanta pou lekòl prive yo bagay yo melanje nèt.Nan vil kote m soti a, Senlwidinò, preske pa gen lekòl ki gen bibliyotèk. Ou mèt wè gwosè bilding yo, avèk yon dividal elèv, w ap chèche liv (lwazi) se pa fasil w ap wè. Gen nan lekòl sa yo, menm manyèl eskolè yo pa itilize. Se pa yon aza si etidyan nan inivèsite pa ka konprann nenpòt ti tèks. Lekòl se pa bat tchala pou pase egzamen ofisyèl. Fò elèv yo dyaloge avèk panse lòt moun, ki nan liv, pou yo fòme opinyon yo, fòje pèsonalite yo.

Jan Pierre -Michel Chéry di l, fò nou bay timoun yo liv ayisyen pou yo benyen plis nan kilti yo. Gen yon psikyat fransè ki rele Rene Diatkine, ki gen yon asosiyasyon pou fè timoun li,ki di:” Mete liv a dispozisyon timoun yo, se pi bon mwayen pou yo konprann mond lan e pou yo anvi transfòme l.” Si yon timoun ap aprann lekòl san l pa pran abitid li epi reflechi, se wobo oubyen jakorepèt n ap fabrike. Li pa tèlman pi bon pase sa yo ki pa al lekòl ditou.Bati lekòl toupatou.Mete liv nan lekòl yo.

Quitter un commentaire

* En utilisant ce formulaire, vous acceptez le stockage et le traitement de vos données par ce site Web.

Vous pourriez aussi aimer