kisa yon èv (mizik) klasik ye?

par Bombarde Info
78 Vues

Tèks : Orso Antonio Dorélus

Pou anpil moun, depi yon èv mizikal enstrimantal li se yon èv klasik. Poutan li pa souvan sa.

Mo klasik la soti nan laten « classicus » ki vle di « moun premye klas yo » nan sosyete women yo. Piske 17e syèk fransè a pral pwone retou ak Lantikite grèk ak women yo pou bay repons ak peryòd bawòk la, nou pral jwenn syèk sa a pral reprann menm prensip atistik ak estetik peryòd sa yo pou mete nan atizay.

Konsa, mo klasik la pral vin jwenn glisman semantik literè ak atistik li, kòm èv ki fèt nan peryòd 17e syèk la anpi ki respekte règ atistik tankou klate, ekilib, amoni, estabilite. Keseswa nan mizik, penti, achitekti, eskilti, nou pral jwenn règ sa yo. Egzanp konpozisyon Mozart yo, siksesyon gradyèl akò yo nan yon demach apèl-repons.

Nou kapab wè konpozisyon Mozart diferan nan sa ki gen awè ak son yo, si n ta pran Antonio Vivaldi nan Les quatre saisons. Si n ta vle rantre nan detay abstrè yo, nou ta ka di bawòk la gen kontrepwen, li nan yon demach enstabilite sonorite, varyasyon, nòt grav fas nòt egi, akò minè fas akò majè, klate ak son, elatriye.

Piske èv klasik yo te rantre yon demach bote etènèl, enben tout èv ki gen kapasite pou l travèse tan an, ki se yon modèl pou moun imite, ki byen fèt, se yon èv klasik. Egzanp nou kapab jwenn kèk mizik Konpa ki klasik nan sans sa a. Nou dwe presize tou se pa paske yon mizik « Hit » jan nouvo pawòl la di a, ki fè li klasik pou sa. Paske byen souvan, mizik ki hit yo se dife pay mayi yo ye. Yo pa ka travèse tan an.

E se sa Mayestwo Richie Konpa presize nan emisyon Pi Lwen Kè Zye Junior Rigolo a. Li di: « Yon mizik klasik se lè li gen kapasite pou li travèse jenerasyon. » Pwopozisyon li an kadre ak demach bote etènèl la. Kidonk yon mizik ki toujou ap fè epòk. Yon konpozisyon ki g on dimansyon metafizik ki rive kreye jwisans estetik lakay jenerasyon ki pa menm yo. E li presize tou se Mega-Hit yo ki souvan vin klasik nan fason konstriksyon mizikal la fèt anpi kote lòt atis pral imite oubyen puize nan yo.

Nan yon pèspektif pedagojik, yon èv klasik kapab se yon èv y ap anseye lekòl, nan klas. Egzanp yon mizik bawòk, womantik kapab yon mizik klasik. Men Konpa poko yon rit klasik paske yo pa anseye l nan lekòl. Li pa estandadize, li pa kodifye. Men sa pa vle di nou p ap jwenn mizik ki klasik anndan rit sa a oubyen « Jan » mizikal sa a. Chaje!

Menm si mizik yo enstrimantal gen yon ansanm eleman ki patisipe nan konstriksyon eskelèt mizikal yo ki pou pèmèt nou idantifye ki estil mizik k ap jwe. Mizik bawòk, womantik, se enstrimantal yo ye men yo pa klasik pou sa, si sèlman nou ta pran yo antèm bote etènèl oubyen mizik y ap anseye nan klas.

Orso Antonio DORÉLUS

Quitter un commentaire

* En utilisant ce formulaire, vous acceptez le stockage et le traitement de vos données par ce site Web.

Vous pourriez aussi aimer