Tèks : Orso Antonio Dorélus
Pou mwen, Mizik sa, se youn nan pi bèl tèks ki sou albòm KLASS men anpil moun inyore. S on ekriti ki nouvo nan konpa.
Byen souvan, nan konpozisyon k ap rakonte yo, konpozitè yo, sa Richie konn fè tou, yo konstrui l nan yon fòmil klasik oubyen tankou yon disètasyon. Entwodiksyon-devlopman-konklizyon anpi kote depi nan entwodiksyon an ou gentan wè sa konpozitè a pral pale a, e l pral bezwen anpil vè eksplikatif nan devlopman an pou l agimante oubyen fè narasyon li a.
Men se pa sa ki fèt nan mizik sa a. Ann founi je gade senografi a. Tèks la kòmanse ak yon konvèsasyon sou yon baz entèdiksyon: « pa jwe mizik sa a». Men se ak kiyès enonsyatè a lanse entèdiksyon an? Li pousuiv « chak fwa m tande l m santi m blese ». Donk ak moun l ap pale a, moun sa a dwe sispann jwe mizik la k ap raple l souvni k ap mete tristès nan lavi li. Men ak ki moun moun sa l ap pale a? Ki kote moun sa a ye?
Men se aprè nou pral konprann entèlokitè a pa avèk li fizikman. Li pa nan menm espastan ak li paske l pral enonse « Pa jwe mizik sa a [..] san « ou » mwen santi tout doulè ». Konsa n vin konprann pwonon « ou » a ak predikatif ki izole li a, se ak yon moun ki chè pou li l ap adrese li. Sa modalite pawol yo fè n konprann tou: l ap pale ak zanmourèt li. Kidonk se moun sa a k ap jwe mizik la.
Men ki kote moun sa ye tonmatvèt?
Enben nou pral pran yon sipriz lè n rive nan vè sa a « lesyèl fè nou yon kou/ mwen pèdi w nan goudougou ». Donk tout demach anaforik k ap trennen tèks la ki se « pa jwe mizik sa » ki pral bay « ou mèt jwe mizik sa a » vin fè n konprann s on agiman paradòks l ap trennen. L ap rakonte listwa a men l pa vle n konnen ki listwa l ap rakonte a. Ki se listwa zanmourèt li ki mouri nan Tranblemantè 12 janvye a. L ap pale ak yon mò. Yon mò k ap jwe mizik pou fè l sonje.(Bagay pou n kriye kapab fè n ri wi).
Men piske mantal lòm gen dimansyon animis, nou vin konprann, tout senografi a se nan tèt li l ap pase. Li transfòme tèt li an sèn pou konstrui listwa li, k ap fè l viv tout souvni ki abite listwa l ak zanmourèt li. Malgre absans fizik moun sila, li abite nan mantal li, nan memwa li.
Sans narasyon an pa lineyè, pwogresyon an la men li fèt nan sans kontrè lojik. S on konstriksyon pwetik ki anchouke anndan yon ilizyon pou twonpe vijilans. Paske l pral di pi ba « pa vle wè moun kriye/ se lavi l m ap selebre ». Li soti nan tèt li pou l al kreye yon lòt sèn ki fè konprann l ap pale ak yon 3e pèsonn konyeya anpi ki pral debouche sou konsèy sou lanmou tankou filozòf Alain Badiou ta fè.
Men tout estrateji estilistik sa yo, sèn sikanalitik sa a tradui sa k ap pase anndan listwa a kòm fòs estetik: se yon moun ki dekontwole pou lanmò zanmourèt li.
S on demach ekriti ki modèn tankou tout woman modèn ta ka ekri, ki se melanje sèn, kreye ilizyon, mete tan nan tan anpi ki pran ankont dimansyon antwopobiyoloji lòm. San bliye chak anafò li fin fè g on vè ki sipòte chaj pwezi deskriptif l ap eksperimante a.