17 powèm pou Bonbad, yon powèm foto

par Bombarde Info
337 Vues

Yon foto se yon papye yo enprime nan yon machin epi ki genyen imaj. Imaj la ka nenpòt bagay. Li kapab yon moun oswa plizyè moun. Li kapab tou yon peyizaj oswa nenpòt bagay ki egziste sou fòm matyè. Yon pwezi tou se yon tèks sou yon papye ki plen imaj. Nou ka toujou ap chèche ap chèche imaj moun, kay, bourik, lanmè. Men vrè imaj powèm lan se konplo otè a fè ak mo li yo plis enspirasyon li pou enprime yon foto.

17 powèm pou Bonbabd se zèv Christ-Falin Oralus ki pibliye lakay Editions de la Rosée. Misye se nèg Bonbad. Li pibliye plizyè rekèy pwezi deja tankou Bonbon Siwo kite konnen anpil siksè an Ayiti. Nan zèv sa powèt la pa neglije atansyon li ditou. Li pran san l pou li revizite tout souvni zanfans li nan Bonbadopolis. Ti jwèt sou wout lekòl, ti moman nan larivyè ak nan raje bò lakay li, yo tout makiye powèm lan.

Se pa premye powèt osinon ekriven ki sonje zanfans li. Chemen zanfans se kote ekriven an pi sansib. Li sansib pou tout sa li te konn viv nan moman li pa t gen pouvwa pou l te fè anyen pou tèt li. Se epòk nou gen dwa pou moun fè anpil bagay pou nou antanke timoun. Dany Laferrière fè prèske tout karyè li ap ekri sou zanfans li ak Leyogàn. Jean Euphèle Milcé pa gen lontan li pibliye Danfans Malè, yon liv ki plòtonnen vi li ak vi vwazen, zanmi nan vil Gonayiv.

Ebyen mezanmi, mwen pa konn rapò nou ak pwezi men pou sila ki renmen gade foto, ale li 17 powèm pou Bonbad.Se plis pase yon pwezi. Jan Inema Jeudi renmen di li, s on powèm repòtaj. Nou wè fanm yo, nou wè mayi boukannen, nou wè timoun k ap fè lago deli, nou wè raje yo, nou wè tamaren, nou wè gagè, nou wè teyat, nou wè lavi, nou wè lanmou, nou wè pwezi.

Cheri ann al Bonbad, se youn nan tèks ki pi touchan nan rekèy lan. S on tèks k ap pale oprezan pandan otè a ap remontre imaj sa li te konn viv nan tan lontan. Powèm sa dekri yon lanmou ki fò, ki pa pè fredi, ki pa pè pikan nan raje enpi ki pa pè sant latrin. Se yon lanmou san konplèks. Ann gade li ansanm ak mwen.

“Cheri ann al Bonbad

Ann al wè ki sansasyon fredi bay

Lè fèy bwa pran sant kò w

Ann al twoke po

anba kayimit ti pòtpe”

M a koupe bwa

plen makout ou

nan raje

dezafon

bò kay Tcho

Tou pispis p ap fè fèzè

fwa pase l te pisin

Ane sila zèb ginen mòn zèkò

p ap jalou

men vantrèz ka joure nou

Ann al Bonbad cheri

se pwal sezon pitimi

n a chèche kote ti moun tann kalòj

pou nou tounen de toutrèl

n a woule

n a dòmi

n a kriye lang ti zwezo ki pèdi chimen

Cheri ann al Bonbad

N a pran medsin ti medsiyen

pou n ka pyafe sou mayi moulen ak zaboka

pou mango fil pèdi bonnanj

anba safte nou

Chak maten

avan klòch kay pè a sonnen

n ap gentan sou plizyè vwayaj

kon panzouyis

o fou o moulen

m ap kenbe men w

pou n fè wout latrin lan a de ”

Quitter un commentaire

* En utilisant ce formulaire, vous acceptez le stockage et le traitement de vos données par ce site Web.

Vous pourriez aussi aimer