Gen lespwa pou Bonbad

par Oralus Christ-Falin
448 Vues

Depi kèk lane, Bonbad pa pwodui inikman moun pou swiv lidè lavi l men, nou ka fè konsta a, si nou vle, nou ka konte sou anpil jèn pou reyalize aktivite ak nen nan figi. Soti 2010 pou rive 2021, ofiramezi gen jèn ki fin etidye ki dakò tounen, zòn lan fè ti pwogrese sou plizyè fòm. Konkou Mis kite konn reyalize ak lidèchip Natacha Blèz nan klèb CCJB, fèt drapo kite konn reyalize ak ansyen chantè Simbi a Matan Estenfil, twoup teyat TJAB kite konn bay plezi. Pandan yon gwoup pwale, yon lòt gwoup ap vini. Jwenn Pòlenòk Anri ki reyalize chanpyona foutbòl, Frandi Franswa chantè 3F Konpa ki konn reyalize festival ak jenn atis, Odlè Remilyen ki konn reyalize aktivite kiltirèl epi kise yon bon rasanblè pou n pase pran responsab Bonbad Fowòm ak Bonbad enfo ki reyalize kèk inisyativ ak nen nan figi.

Nan kat dènye ane sa yo, wonn lan pi laj nan tout sans. Literati kòmanse pran plas li ak travay edisyon lawouze, de biznis ak nen nan figi pou atire etranje pran plas yo nan mitan nou (Otèl Paradi ak Vaniya resto). Plizyè lekòl pwofesyonèl deja mete sou plas pou akonpanye jèn yo nan aprantisaj yon metye manyèl. Pa two lontan, yon pitit kominote a (Fanfan) vini ak yon konpayi ki vann entènèt. Anpil ensitisyon ki konn plenyen pou pwoblèm lòt rezo yo ki pa ka pase byen jwenn yon lòt altènativ. Finalman kisa ki liks pou nou ? Bouk Bonbad gen kouran prèske san pran souf. Nou konnen gen anpil lòt lidè aktif k ap travay nan seksyon kominal yo tankou premyè seksyon ki gen pwojè Vène 2030, Bibliyotèk Lawouze, elt.

Semenn sila nou t ap asiste ak fèt dizwime nan bouk la. Yon koutim plizyè moun panse nou t ap pèdi. Nou te kwaze ak de bèl kòtèj k ap defile, makèlpa sou Ri Sen Franswa a. Youn kite gen nan tèt li Janid Mwamèm, te pran chimen paradi otèl pou rafrechi timoun yo epi fè ti pale ak yo. Yon lòt te gen nan tèt li Geslè Franswa ak fanmi li, nan sousi pou onore dèfen Magali pitit li kite konn kanpe tout longè nan dizwi me Bionbad. Ak fanfa yo nan do majorèt yo, yo te pran direksyon simityè pou ale depoze yon jèb flè sou tonm Magali apre sa pou retounen anwo bouk. Nan aprè midi, yo te siyonnen lari a ankò, pou swiv chemen ki mennen nan sant espòtif Bonbad la. Yo te lanse match ki te gen pou fèt la ak detwa parad, dans ak yayad. Nan menm jounen an, yon gwoup jenn gason Bonbad ki rele Inisyativ Sitwayèn Binbad ak lidèchip Gari Jwachen te pran inisyativ pou òganize yon jounen refleksyon ak elèv lekòl yo sou senbolis drapo ayisyen. Te gen de entèvenan « Gari jwachen ak Jan-Fis Tènelan ». Nayeka Mitil, etidyant nan fakilte dwa ILA te modere aktivite sila ki te reyalize ak gwo anplè. Nan asistans lan, nou te konstate kèk figi enpòtan tankou Amòs Franswa, enspektè prensipal BDS Bonbad ak Bèdeyèn , Mèt Bebi kise sansè lise Menelasbòd…

Pou koulye a, nou konnen anpil moun Bonbad k ap fè gwo jefò nan peyi letranje ak lavil. Gen sa  k ap jere gwo antrepriz, sa ki direktè osinon kòdonatè biwo depatmantal Gonayiv ak Pòdepè. Genyen kise pwofesè nan inivèsite, genyen ki ekriven, sa ki jounalis, lòt ki antreprenè epi abit nan gwo chanpyona…Mezanmi, gen lespwa pou Bonbad.                                                                                                      

Quitter un commentaire

* En utilisant ce formulaire, vous acceptez le stockage et le traitement de vos données par ce site Web.

Vous pourriez aussi aimer