Lide Rick de l’Île sou jounen lang ak kilti kreyòl jodi 28 Oktòb 2021 an

par Bombarde Info
202 Vues

Pou jounen lang ak kilti kreyòl la.

M p ap long.

Jodi a se jounen lang ak kilti kreyòl. Pa etone si pandan w sou fb la w al espante sou yon moun ki ekri “Pitite roi sé roir”. Non pa sezi, w ap toujou jwenn sa. Paske gen moun ki pa vle travay sou tèt yo, men ki toujou vle alamòd. Jodi a, yo wè moun ap pale sou jounen lang ak kilti kreyòl, y ap pote boure.

Kisa m vle di? Eske m vle di moun pa dwe fè fot nan kreyòl ? Non. Se pa sa. Mwen ap eseye pi maton nan lang lan chak jou, mwen pa pafè. Pandanstan tan, sa m kritike se mank respè pou lang lan ki bobo ak yon konpòtman sankoutcha kay anpil moun ki bay gwo kè plen.

Sa ale pi lwen pase yon senp kesyon lang (kesyon lang lan pa senp vre). Se yon kesyon idantite, imaj negatif nou genyen sou pwòp nou menm. Depi se ayisyen, nou ka trete l jan n pito. Depi se lang ayisyen an, nou ka trete l jan n vle. Li lè pou n kòmanse respekte tèt nou epi montre lanmou pou nou (kòm pèp) nan montre respè ak lanmou pou lang ak kilti nou.

Apil fwa, si yon liv ekri an kreyòl anpil moun kòm santi se pa liv li ye. Li manke yon bagay. Li te ka pi bèl si l te ekri an fransè. Tankou yo santi tèl moun te ka pi bèl si l te blan. Sa fè nou fè fas ak fenomèn depigmantasyon lengwistik nan lang kreyòl la (m pa kwè konsèp sa egziste. Antouka, mwen kreye l). Poudayè, fenomèn sa la pi lontan pase depigmantasyon po a. Fenomèn sa se elimine tout son ki pi tipik nan kreyòl pase nan fransè a, pou yo ka rann kreyòl la pi blan. Pou l plis sanble ak yon lang blan an. Fonèm “ò” paregzanp se yon fonèm ki sibi depigmantasyon sa. Anpil moun refize pwononse l depi yon jwenn kote pou yo fè yon ti wout pa bwa. Si n pran mo “Ewòp” oubyen “Lewòp”, moun yo prefere di “Ewop”. Se kòmsi yo santi mo a plis fransè, mwens kreyòl. Lè y ap pale fransè tou se “Ewop” yo di, poutan ni nan lang fransè, ni nan lang kreyòl dezyèm silab la se “wòp”.

Yon lòt ka depigmantasyon lengwistik se sou son “en”. Lè n pran mo “jounen” osnon “lajounen”, pou egzanp. Anpil moun pito di “joune” : “Kòman joune a te ye?” nan plas “Kòman jounen an te ye?” Ka sa diferan ak ka Ewòp la. Paske “jounen” ak “joune” nan kreyòl se de mo diferan. Yon jounen se sòti nan solèy leve pou rive nan solèy kouche, men yon joune se yon ansanm aktivite yon gwoup moun met tèt ansanm pou òganize pandan kèk èdtan nan yon jounen. Egzanp: ” demen m pral nan yon joune.”

                   Rick De L'île

NB : Otè bay Bonbad enfo dwa pibliye tèks sila a li te ekri pou pataje inikman ak zanmi epi piblik sou rezo sosyal yo.

Quitter un commentaire

* En utilisant ce formulaire, vous acceptez le stockage et le traitement de vos données par ce site Web.

Vous pourriez aussi aimer