Rutshelle p ap mouri

par Oralus Christ-Falin
572 Vues

Yon vwa byen dous, byen mezire epi ki pa fòse, konsa  Rutshelle (Ritchèl) depoze sou yon enstrimantal R&B ki byen taye ak son apèj yon gita ki soti san kras nan kòmansman an. Yon koral ki koule swa ak yon solo byen detaye. Mizik sa ak tout sa ki konpoze li (amoni ak senfoni) se yon kout rigwaz pou medyokrite nan “Endistri Mizik Ayisyen” an (EMA). Mwen p ap mouri, yon mizik ki chaje ak emosyon. Yon mizik ki prezante nou yon fanm ak kran. Yon moun ki pa dezespere e ki renmen viv. Yon moun ki bay Oscar Wilde (Oska Wid) rezon lè li di “Foli se sèl bagay nou pa janm regrete”. Si foli yo dous, yo fè nou byen, ebyen vire do ba yo pa non plis yon santans pou kategori moun tankou Rutshelle ki konfyan epi ki kwè nan rekòmanse. Epi tou, regrè lanmou pa lòt bagay apre lanmou si nou repete pawòl Antoine de Saint-Exupéry (Antwàn Sentegziperi) a. 

Aktyèlman plis pase 166 mil moun tande mizik “Mwen p ap mouri” an deja sou kont Youtube atis la. Mizik sa ki soti nan mitan mwa jen 2021 an sou albòm “QQA = Quoi Qu’il Advienne” / (JPP = Jan l Pase l Pase). Selon kèk kòmantè nou li anba mizik la sou Youtube, ta sanble mizik sa pote yon ti kouraj anplis nan lavi moun k ap renmen. Se vre nou victim. Men li nesesè pou n admèt jounen jodi a, nou pa rès fanm ni rès gason men piton ou se rezilta adisyon yon pakèt eksperyans ki rann nou vin di kou beton devan tout lòt zagribay ki konprann yo ka mete nou ajenou devan lavi.

Mwen p ap mouri pou atik sila a. Kit ou li l. Kit ou pa li l. M ap viv kanmen m.  Mwen p ap mouri si w pa konn valè m. Mwen p ap mouri si w pa respekte travay atis la. Ou p ap mouri tou si w konprann enpòtans mizik sa epi plase l nan kad yon travay sosyo-emosyonèl ki vize ranfòse fanatik mizik epi tou, nan yon sans, k ap chèche afebli potansyèl blofè, pretansye, sipèsta osinon potanta nan relasyon. René Philoctète nan prefas « Les fous de Saint-Antoine », yon woman Lyonel Trouillot (Lyonèl Twouyo) ekri di konsa : « Nan za ak nan literati, sijesyon yo frape plis pase konsta yo, yo plis prezan pase papye yo epi yo pi efikas pase afich yo ». Sa vle di se lide pa w ak pa m ki di verite sou travay atis la pwodui a, ebyen, ann li tèks la ansanm epi fè kòmantè pa w e si tout fwa w pa gen anyen pou w di, di ewa paske Rutshelle p ap mouri.

Tande mizik “M p ap mouri” http://https://www.youtube.com/watch?v=OAm4-rgQscY

« Ou gen lespri

E dè fwa w aji tankou sòt tou

M te vle chanje vi w

Men si w wè m ale konn se fòt ou

 

M pa t fòse w vin nan vi m

M pa t met zam nan tèt ou pou w te chwazi m

Pa panse si n kite lavi m ap fini

 

Avè w

M ap viv bonè

Nan paradiii

Yon vie de rêve

 

San ou m p ap mouri

Non non m p ap mouri

Eh m pa mouri

Non m p ap mouri

 

M p ap mouri

M p ap mouri

Se vre ke w bon pou mwen

Pa panse lanmou ba w tout dwa sou mwen

Si w wè lavi w san mwen

Pa panse m ap la le jou w ta tounen

 

M pa t fòse w vin nan vi m

M pa t met zam nan tèt ou pou w te chwazi m

Pa panse si n kite lavi m ap fini

 

Avè w

M ap viv bonè

Nan paradiii

Yon vie de rêve

 

San ou m p ap mouri

Non non m p ap mouri

Eh m pa mouri

Non m p ap mouri

 

M p ap mouri

M p ap mouri

 

(Solo gita)

 

Avè w

M ap viv bonè

Nan paradiii

Yon vie de rêve

 

San ou m p ap mouri

Non non m p ap mouri

Eh m pa mouriii

m p ap mouri baby

 

Non m p ap mouriii

Non (16 fwa)

M p ap mouri

woooooooh

M p ap mouri

Eh

M p ap mouri

 

Se vre ke w bon pou mwen

Se vre ke m bon pou ou

Men si w ale kite mwen

M p ap mouriii »

 N ap raple w se pa inik mizik sou albòm “JPP” a ki reflete kouraj atis la. Albòm lan gen kenz mizik sou li, pami yo genyen Guantanamo, Nou fini, M pa la ankò, Poze,  Quoi Qu’il Advienne…

 

Quitter un commentaire

* En utilisant ce formulaire, vous acceptez le stockage et le traitement de vos données par ce site Web.

Vous pourriez aussi aimer