EMA/Bif: Carel Pedre demanti Roberto Martino delatètopye sou dènye video li a

par Oralus Christ-Falin
282 Vues

Carel Pedre nan yon live li fè nan sware dimanch pou rive lendi a minui, demanti dènye videyo kèk minit Roberto Martino te fè kote li akize animatè Chokarella a kòm chèf yon klan, yon gang k ap travay pou kraze travay gwoup li a (T-vice).

Carel Pedre, nan emisyon li an, demanti pwopo chantè T-vice la delatètopye. Selon Carel ta sanble se paske li te kòmante majestic anba yon pòs Kaï ki te kòmanse bif sila. Aprè yon tweet Carel fè dimanch 9 Janvye sou kesyon djaz k ap peye pwomosyon ki pa ka jwenn rezilta aprè li te fin planifye ak yon djaz ki pa satisfè pou pwomosyon yo peye.

Roberto nan videyo li a di Carel ale nan show chak maten, monte konplo pou bare li, bare albòm li. E yon kote nan videyo a li deklare animatè a ti grangou, ti visye, ti sousou, sikreno. Li menm vini ak lòt non sou Carel “Carelita” e afime tout rimè kite konn kouri sou animatè esklizif Digicel Stars la epòk konkou a.

Carel riposte nan live li a, demantibile Roberto. Li afime li pa okouran de konplo chantè a ap pale a paske li pa animatè konpa, li pa fè bal epi li pa gen emisyon depi mwa me 2021.

Carel demanti Roberto sou rimè l ap afime yo pou fè konprann li s on masisi. Li pwofite pou li raple atis la li s on omofòb. Yon moun k ap repwodui menm sa li te viktim yo tankou lè yo konn akize l rasis, koloris epi tire fatra dèyè li kote li al jwe. Carel pwouve gen posiblite pou Roberto rasis tout bon paske nan bif li ak genyen yo se moun po nwa yo sèlman li derespekte konsa.

Carel raple Roberto, pou sa li reprezante nan biznis lan, li pa t dwe desann nan nivo sa. Li pwofite raple Roberto tout sèvis li ba li nan karyè li e demanti Roberto ki fè konnen li te mennen l Etazini, li byen manje, li byen dòmi. Carel fè konnen se inikman biyè avyon atis la te peye pou li.

Boutofen, Carel pretann se paske l konn kòmante pòs Kaï yo ki lakoz fristrasyon chantè a. Li afime, Roberto pa ka vrèman fè sa Kaï ap fè yo. Li fini live la pou l di, l ap rete ak lide Roberto Martino pa onèt.

Endistri Mizik Ayisyen (EMA) a panike, anpil djaz gen pwoblèm ak lòt djaz. Mizisyen ap choute sou mizisyen. Plizyè mizisyen lonje dwèt sou yon sistèm ki egziste pou bloke moun yo vle epi louvri pòt pou moun yo vle bay pase. An reyalite, kiyès ki mèt sistèm lan? Eske Carel Pedre gen lyen ak sistèm lan? Kiyès ki la pou fè albòm yo mache? Kisa ki anpeche albòm T-vice la mache? Ki lavni pou EMA a? Kisa ki lakòz djaz yo depanse pou pwomosyon epi okenn rezilta pa tonbe?

Quitter un commentaire

* En utilisant ce formulaire, vous acceptez le stockage et le traitement de vos données par ce site Web.

Vous pourriez aussi aimer