Klasik devwe pou akonpli premye ane yo

par Bombarde Info
193 Vues

4 Oktòb ane 2021 an, tout moun ta pwal etone ak sipriz sa a Yvetot Jean Mary ak Hubert Dupré ba yo, lè yo mete sou pye yon djaz konpa nan endistri mizik peyi a. Premye ba l yo a pa t san kòmantè, bravo yo te plis pase move kritik yo. Ekip Bombarde Info te rankontre ak Manadjè djaz la Hubert Dupré kite pran tan l pou pale nou sou pwojè yo, obstak yo ak devouman yo. Li te pale ak nou konsa :

“Se devouman ak detèminasyon ki fè nou rete kanpe paske nou tout de swaf yon pwojè konsa. Bonbad te bezwen sa donk se lanmou nou gen pou sa n ap fè a ki fè nou rete motive. Youn nan pi gwo obstak nou se moun k ap bare nou la wout, k ap dekouraje nou pou n pa kontinye. Gen moun nan kominote a k ap bay mizisyen yo move konsèy, di mizik pa gen kòb, moun de byen pa fè mizik, epi fè yo konprann se pwofite mèt djaz la ap pwofite yo. Aprè 14 fevriye, pwojè nou se antre nan estidyo pou n soti yon mizik ak tout videyo. Se sou sa nou pra l travay plis. Nou gen kòm pèspektiv pou n fè plizyè pwogram nan dat sa yo tankou 18 me, fètdèmè, fèt papa, epi premye anivèsè djaz la kise 4 Oktòb k ap vini la. Nou vle soti yon dezyèm mizik avan anivèsè djaz lan.”

Pou koulye a, djaz la ap prepare li pou mete lajwa nan kè fanatik li yo lendi 14 fevriye k ap vini la nan Vanilla bar resto nan uitè. Likid konpa se djaz k ap akonpanaye yo nan bèl avanti sila k ap dirije ak vwa chèf redaksyon nou an “Christ-Falin Oralus/Ti Kris”.

Quitter un commentaire

* En utilisant ce formulaire, vous acceptez le stockage et le traitement de vos données par ce site Web.

Vous pourriez aussi aimer