2 ti mo pou Jean Monard Métellus

par Oralus Christ-Falin
263 Vues

Alo Jan Mona
Mwen bay tèt mwen pèmisyon pou pataje 2 ti mo ak ou
Mwen sèten lisidite m ap penmèt mwen aliye lidem yo ansanm osinon youn apre lòt
Youn apre lòt
Sinon m ap reziye m, m anpile yo, pil sou pil
Tankou perèz nou yo
Pil sou pil tankou rèv ki echwe yo
M ap lage yo pil sou pil
Ou p ap menm ka site yo
Tankou lis malere ak malerèz lavi bliye yo

Jan Mona
Ou pa zanmi m
Men
Zòrèy mwen banm dwa ekri w
Li menm ki tande w chak jou
Ki anvi mande w, kote w jwenn kouray?
Kote w jwenn fòs pou w pase 6 jou sou 7 ap pale de peyi
Kote w jwenn nannan
Pou asime yon analiz ou pran tan pou w fè malgre w konnen sa p ap pote rezilta
M anvi w esplike m kote w jwenn kouray sa

Yon peyi kote leta vann nou pou pouvwa
Yon peyi kote boujwa twoke nou ak kontra
Yon peyi kote bandi deside pou lalwa
Yon peyi kote Kidnapè kidnape lespwa

A ki kè Jan Mo
Pou dat m ap tande w
Menm yon jou
Menm pa aksidan
Yon bon nouvèl pa janm tonbe pou Ayiti

Moun yo vle viv wi Jan Mo
Moun yo renmen lavi wi vye frè

Politik peyi a bay gwo doulè
Pi mal pase maldan
Pi malouk pase satan
N ap pote yon madoulè

Si nou te vle, nou te ka pran tèt nou pou n chita ansanm. Nou t ap fè yon fizyon nan inite san tèt kale tankou bon pitit Desalin. Nou t ap mete men ansanm pou soulaje pèp k ap lite. Si nou vle, nou ka konstrui pi bon pon ki mennen nan kay devlopman.

Nou eseye ak èn deja, nou eseye ak vagabon deja, nou pran chans nou ak dezinyon deja. Fwa sa Jan Mo, sa w panse si nou eseye ak pinisyon, rekonsilyasyon, rekonstriksyon, konstitisyon ak tout lòt gwo aksyon san n pa bay lavi chè rekreyasyon.

Jan Mona
Mwen ta byen renmen soulaje w, mwen ta renmen soulaje pèp la. Mwen ta byen renmen soufrans nou bout. Mwen ta renmen nou fonksyone san perèz. Mwen ta renmen jenn fi ak jenn gason jwenn chimen pou yo pase. Mwen t ap kontan wè bri zam woule sèlman nan tele. Domaj. Ak 30 lane sou tèt mwen Jan Mo, pi gwo byen m posede nan peyi a se mo yo. Malgre sa, mwen manke pouvwa sou yo. Nou manke pouvwa sou kò mo yo paske anpil fè nou pantan konsa anpil lòt chaje tèt nou nou. Tankou chanjman, Prezidan, Palman, Gouvènman, eleksyon, m ta fini lis la menm jan ak mizik la “men kou manman”.

Jan Mona vye frè
Kòm se pa ayè w ap fè fòs men mwen sèten, s a n ap viv jounen jodi, ou pa t konn wè koze konsa nan larepiblik. Jan bagay la ye la Jan Mo, larepiblik sanble poko prèt pou li soti tèt li nan tou vonvon sa, nan tou fon sa, yon tou fè nwa, yon tou pispis, yon fòs abim. Nou sanble n pa konn kilè n ap soti nan tou sa. Nou pa gen okenn garan pou demen. Ledikasyon bezwen baton pou li mache. Inivèsite peyi a menm tankou yon boul malatchong lajenès ap jwe ak kè sote. Y ap etidye lasyans an menm tan y ap eksplore kò yo sou twotwa nan yon rigòl san. Kòman w panse yon jenn ap kapab etidye konsa. Chak pou l panse avni l, li wè l tankou yon paswa, li wè l nan sèkèy.

Jan Mo
Kisa nou poko di ? Ki pawòl nou poko depale pou n jwenn yon solisyon? A ki kè w ap fè 2022? A ki kè w ap gade tèt ou nan miwa apre chak grimas ki pase nan larepiblik pou w fè analiz? Finalman, mesye yo pran plezi yo nan sa. Yo pran plezi nan fè nou fè makak. Jan Mo, nou fatige ak kidnapin lan, nou fatige ak rigòl san yo, nou bouke ak lamizè a, nou pa kapab ankò ak enpwovizasyon sa yo sou lavi nou.

Jan Mo, si w t ap gen yon ve pou zòrèy mikwo w la pou ane k ap vini yo, se kisa l t ap ye ?

Quitter un commentaire

* En utilisant ce formulaire, vous acceptez le stockage et le traitement de vos données par ce site Web.

Vous pourriez aussi aimer