“M pare” se youn nan mizik sou EP Stan lan ki fè plis bri sou rezo sosyal yo

par Oralus Christ-Falin
340 Vues

Se pa yon nouvèl pou nou, nan sèt dènye jou sa yo, depi “Stan” ak Evazyon Mizik kise labèl k ap mennen karyè li fin pibliye sou paj Youtube atis la yon EP, tout rezo yo anflanm. Li gen ladan li 7 tit, nou ka site “M pwomèt ou”, “Dènye lanmou”, “Epi w souri”, “M pare”, “Zonbi”, “Pa di m sorry” ak “Yeswa 2.0”.

Mizik sa yo enkonparab, youn pa ka fawouche lòt men nou remake rezo yo pran mizik “M pare” a pou yo. Nan dènye ane sa yo, sou rezo yo, se pa de vakam ki pa t ap fèt sou yon kesyon damou ak brize kè. Yon pakèt imaj ak eslogan fè kenken sou paj ak estati itilizatè rezo sosyal yo tankou : “Damou m vi n damou”, “Kè brize pa lanmò” , “Selibatè se chyen” ak elatriye. Fòk nou di byen, mizik atis la vini nan yon moman kote anpil moun ki vle bay tèt yo rezon pou kontinye renmen ap chèche pretèks. Anpil moun kè brize bezwen melodi pou eksprime rezistans yo. “M pare” s on baton atis la lonje bay yon dividal lanmoure ak lanmourèz kè brize ki sou wout pou redamou.

Nou p ap fè pleyonas men n ap bay tèt nous chans raple w, mizik s on terapi, yon medikaman, yon zanmi, yon levanjil. Ebyen, Stan fenk pote yon levanjil tou nèf pou fanatik mizik yo. Sou tiktok la, mizik sila deja itilize plis pase de mil fwa sa vle di li transfòme an Tchalendj. Sou Youtube la, jodi lendi 8 out la, a 2è49, mizik sila deja fè 200 000 vyouz apre 7 jou. Sou Facebook la, pòs ki pale de mizik la, yo anpil. Gen anpil pòs iwonik konsa gen anpil ki serye. Gen nan enfliyansè yo ki fè konprann Stan ap pale de yon lanmou ki inikman sou papye.

“M vini pou m fè gran so a, sa tante m | M pare, m pa pè w ankò | lanmou, m pa pè w ankò”.

Gen lòt moun ki dakò gen posiblite pou yo redamou gras ak tan k ap pase pou kè ki te brize yo vrèman repare. Wi, mizik sila te ka fè plis vyouz ak bri sou rezo yo toujou men lè n konsidere feblès konsomatè yo genyen plis pou tandans rabòday, rap ak konpa, Evazyon mizik pa pè riske kanmenm ak estil mizik sa yo, dayè Stan pa premye ni inik atis y ap pwodui ak yon kategori mizik apa. Sou EP sila, n ap jwenn D-Fi Powèt Revòlte nan mizik “Yeswa 2.0” a, n ap jwenn Jo-J sou mizik “Dènye lanmou”an ak Bobby last one sou mizik “epi w souri” a.

Stan fini mizik la ak pawòl sa yo “Menm si de montay pa jan m kwaze | Mwen rete kwè de kè ka kontre | Bon moun lan, nan bon moman an, bèl istwa pou n rakonte”. Stan sou bèl chimen. Nou pa gen lòt bagay nou ka di apre swete li siksè. Se vre mwen pa gen bagèt majik pou m fòse nou kwè nan lanmou men si nou vle konnen plis, mwen konseye nou tcheke Blondedy ak D-Perfect y a esplike n pi plis.

Quitter un commentaire

* En utilisant ce formulaire, vous acceptez le stockage et le traitement de vos données par ce site Web.

Vous pourriez aussi aimer