Carel Pedre rakonte n yon pakou rich epi motivan

par Bombarde Info
181 Vues

Kite’m re re re prezante tèt mwen. Mwen rele Carel Pedre, m fèt Pòdepè 8 jiyè 1980. M se papa 2 pitit, m renmen moun, m renmen peyi m. M pa janm viv lòt kote ke Ayiti. M’ap pale nan radyo depi 1997 e se sèl sa mwen fè kòm metye tout vi m jouk kounye a.
Mwen rantre Potoprens an septanm 2000 pou te al aprann syans enfòmatik apre 2 lane m kite lekòl la paske m te pi renmen radyo e mwen te kwè si mwen travay di ase li ka rive banm mwayen pou mwen viv e okipe fanmi mwen.
Men kèk fè enpòtan nan karyè mwen:

2000-2010:

  • An avril 2001, m rantre nan radio Planet Kreyòl kòm repòtè m kite an jiyè 2004 kòm Direktè pwogramasyon. Pandan peryòd sa a m anime kèk emisyon a siksè tankou “Connexion”, Pulsations ak Generasyon X.
  • An Mas 2004, mwen antre kòm ofisye kominikasyon nan OPS/OMS. Yon job mwen kenbe jouk desanm 2005.
  • An Jen 2005, m rantre nan Radio One kòm animatè epi direktè atistik Solèy Sounds yon labèl ki pwodwi premye album BelO, Tifane, Jude Jean, Nickenson Prud’homme ak lòt pwojè tankou 2e album Jah Nesta, Alo Haiti, Alo Haiti Gospel, Soley Sounds System etc..
  • Septanm 2006, Mwen lanse ak jounal Le Matin yon magazin kiltirèl ki rele Spotlight Magazine.
  • Janvye 2007 aprè mwen fin pase odisyon, mwen jwenn djòb prezantatè Digicel Stars ki se pi gwo konkou talan e pi gwo Show TV ki janm fèt nan peyi a. Pwojè a kanpe an 2016.
  • An 2008, , mwen ak yon gwoup zanmi Lanse AYITI Deploge ke mwen te ko-anime e ki tap al tounen yon fenomèn nan kominote a.

2010-2020

  • 12 Janvye 2010, m te youn nan ra moun ki tap itilize rezo sosyal pou enfòme le mond antye sou sitiyasyon nan peyi a aprè katastwof la. Anpil moun toupatou rekonèt kalite travay mwen ak kouraj mwen e sa te fè mwen gen anpil rekonesans a letranje tankou Humanitarian Shorty Award (New-York), Change Maker Award (Memphis, TN), Media Excellence (New York), etc…
    Travay sa a fè mwen jwenn envitasyon pou al pale de eksperyans mwen nan anpil peyi tankou France, Afrique du Sud, Guadeloupe, USA, Canada, Corée du Sud, Londres….
  • De 2011 a 2014: Twit mwen te fè 12 janvye yo te ekspoze nan Newseum ki se yon mize sou medya ak kominikasyon ki nan Washington DC.
  • Mas 2010, m lanse The Sunday Project ki se yon pwojè benevola chak dimanch pou te bay timoun manje nan Cité Soleil
  • Desanm 2010, m lanse Chokarella.com ki te sipoze sit entènèt emisyon a siksè mwen te genyen nan Radio One
  • An desanm 2011, yo chwazi mwen kòm animatè emisyon e pi gwo gala pou remèt twofe an ayiti ki se “Digicel Entrepreneur de l’année”. yon sware mwen anime 3 fwa sou 6.
  • Desanm 2012, mwen kreye Plezikanaval.com ki se premye e pi gwo platfòm distribisyon kanaval nan peyi a. se te tout premye emisyon tv ki te inikman dedye a kanaval.
  • Avril 2013 yo chwazi mwen pou anime “Kiyès ki toro?” yon show tv realite ki te gen anpil siksè
  • Jen 2014: mwen patisipe nan konferans devlopè Apple WWDC nan San Francisco
  • Mas 2015, mwen chanje konsèp Chokarella ki te yon senp emisyon radyo e fè li tounen yon medya sou entènet.
  • Novanm 2015,mwen fè yon eksperyans inik nan Guadeloupe kote mwen te speaker nan Tedx Pointe a Pitre
  • Me 2016: Depatman Deta Ameriken chwazi mwen pou al patisipe nan pwogram echanj entènasyonal yo genyen ki rele IVLP (International Visitor Leadership Program) ki te pèmèt mwen al gade e aprann kòman medya fonksyone nan vil tankou Washington DC, New York, Seattle, Austin
    Jen 2016: m lanse yon pwogram “intership” nan chokarella ki pèmèt mwen rekrite jèn pou travay avèk mwen pou kreye kontni sou platfòm nan. Yon aktivite ki kontinye jouk an 2018 kote nou fè li pou fi sèlman nan dènye ane a.
  • Me 2017: m kreye yon konsèp Chokarella Takeover ki la pou fè moun dekouvri travay Ayisyen ap fe nan lòt kominote ki pa Pòtoprens. Konsèp sa a fèt Miami, New York, Cap-Haitien ak San Francisco e lòt vil pral ajoute
  • Out 2017: Gouvènman Corée du Sud chwazi m pou vin patisipe nan yon pwogram fòmasyon nan medya Digital ki te fèt nan vil Seoul
  • Me 2018: North Miami Councilman Phillippe Bien-Aimé onore m kòm yon enspirasyon nan kominote a aprè Chokarella Miami Takeover a.
  • Jiyè 2018: Eric Adams, President of the Borough of Brooklyn, onore m pou enpak travay mwen fè nan kominote Ayisyèn nan New-York.

An gwo se dat sa yo ki make karyè mwen san konte kantite bèl evènman m anime, moun mwen rankontre e relasyon mwen rive bati pandan ane sa yo ak lòt inisyativ mwen pran. Mwen se Brand Ambassador pou anpil enstitisyon nan peyi a tou.

M konnen gen nan nou ki ap swiv mwen lontan men m te vle fè ekzèsis sa a rafrechi memwa pa m ak nou epi tou re prezante mwen bay sa ki pat konnen. Mèsi paske ou ap swiv mwen. Mèsi paske ou ap sipòte mwen.

Tèks : Carel Pedre

Quitter un commentaire

* En utilisant ce formulaire, vous acceptez le stockage et le traitement de vos données par ce site Web.

Vous pourriez aussi aimer