« N ap tann yo », Koudjay, King Kessy

par Bombarde Info
74 Vues

Yo toujou di mizik angaje yo, sa vle di mizik politik yo, degaje yon estetik pasaje. Paske kriz y ap mime a, evènman oubyen sitiyasyon politik yo te asyalize a, konn pase, jwenn solisyon. Lè konsa èv sila jis vin rantre nan kad memwa pou di men kisa ki te pase ayè.

Enben nan ka pa nou Ayiti, anpil mizik ki gen dimansyon politik, angaje, toujou rete nan aktyalite paske kriz yo toujou la. Dayè Dorestal di l pi byen, « sa k pa an kriz Ayiti, se kriz la.»

Kanaval « N ap tann yo, 2000» Kessy Koudjay reprann aktyalite a ankò pandan moun Wanamèt yo ap fouye kanal la anpi Dominiken fache, ap voye pye. Moun yo reprann konpozisyon an pou mobilize yo, pou ranfòse konviksyon yo, pou ba yo fòs asetik. Konpozisyon an rive jwenn sans li lakay popilasyon an, se paske l itilize eleman kiltirèl (ekspresyon, kwayans, elatriye) yo pou sèvi l fòs atraktif ak aderans.

S on konpozisyon ki doubleman angaje nan sans Gage Averille:

1-Rit rasin nan se yon rit ki trennen yon angajman ideyolojik nan yon konsepsyon idantitè.

2- Pwezi(pawòl) k ap chante a, relasyon siy ak reyalite a( semantik filozofik) trennen demach angajman an nan pespektif nasyonalis ak patriyotis.

Nan moman sa a, popilasyon an menm bliye si s on mizik yon atis ki t ap defann yon pouvwa nan yon lojik estetik pati oubyen pwopagann: Lavalas. Poukisa? Paske nan moman an, dimansyon metafizik ki abite konpozisyon an, touche pwen sansib yo, li touche esperans ak dezolasyon yo. Li pèmèt yo kapab wè tèt yo. Jwisans estetik pa janm dezenterese.

Se pa mizik yo moun yo pa tande men jwisans sichik mizik la pote a, enonsyasyon estetik verite k ap taye banda ant mizik la ak piblik la, pa souvan pèmèt yo pran konsyans pou yo kite monn kontanplatif la pou ale nan monn aksyon an sitou si konpozisyon sila pa sible enterè imedya yo.

Men nan moman konyeya: pandan y ap fè aksyon, yo mete mizik la ki kapab temwanye sikonstans lan pou double jefò yo. Toutotan gen kriz nan mitan de peyi sa yo, mizik sa a, kanaval sa a ap toujou kapab ranfòse konviksyon moun yo.

Orso Antonio Dorélus

Quitter un commentaire

* En utilisant ce formulaire, vous acceptez le stockage et le traitement de vos données par ce site Web.

Vous pourriez aussi aimer