Bedjine s on gratifikasyon natirèl

par Bombarde Info
48 Vues

Tèkss : Orso Antonio Dorélus / Esthéticien

Sèl sa m ka di, gen moman nan lavi yon atis, tout sa l touche bon. S on prensip metafizik ki nan atizay anpi ki vin anchouke anndan yon demach senpati-antwopolojik. Gen moun ki ta di se benediksyon. S on gratifikasyon natirèl. Men nou konnen se pa vre paske moun ki gwo chantè oubyen gen bèl vwa yo, rechèch montre yo te toujou ap chante depi yo piti. Li valab pou moun k ap pale tout tan. Konsa afòs larynks yo travay anpi « tande » yo li vin tounen yon pwezi, elastik. Dayè lè n fenk leve n poko pale ak tande tou, swa vwa n anwe(toufe) oubyen grav pou kèk moun. Sa k ta di w Ed Lozama ta gen bèl vwa. Se metye pale a…😀😀 Bedjine ap chante depi li piti.

Vwa ak tande se fòs yon atis k ap chante genyen. Se pa san rezon yon gwo atis te vin gen pwoblèm paske « tande » li te tèlman vin sansib, li te ka menm tande sa k ap pase anndan li. Atis sila gen bèl vwa. Youn nan pi bèl vwa monn lan. M pa konn si se pou kreye mit, men pawòl te di se Lisifè ki ba li vwa li. 😀

Nan ka Bedjine, Frechè, inosans, nouvote. Anpi w tonbe nan sa Kant rele « L’art est beau sans concept ». Ou renmen l men w pa ka jwenn mo pou w eksplike sa. Li sèlman gratifye w yon plezi ke w pa ta anvi pa genyen ak pa tande. Li reponn ou favorab tankou s on tibebe ki tande vwa manman li pou premye fwa nan vant. Enben vwa Bedjine fè n reviv vwa sa a. Vwa sa a ki se premye demach odyofonik jwisif ki konstrui aparèy sansoryèl lòm.

Si m ale nan apwoch teknik, matematik m ap pèdi fil kontanplasyon an. Alòs kite m ewotize vwa a. Kite m jwi vwa a. E pa mande bondye si l ta jwenn yon Mèt nan kesyon vokal. Se t ap dyòl-loulouz.

Mèsi Bedjine paske w kapab fè n sonje lòm gen feblès li tou ak vwa w.

Quitter un commentaire

* En utilisant ce formulaire, vous acceptez le stockage et le traitement de vos données par ce site Web.

Vous pourriez aussi aimer