TAFA Mi-Soleil, Zafèm, pou timoun yo

par Bombarde Info
61 Vues

Tèks : Orso Antonio Dorélus / Esthéticien

Lè gen peyi, paske m p ap kredibilize Leta kalanklou ak Gouvènman defakto kriminèl, se pou sa m pa janm mete m nan pozisyon pou m tann anyen nan men yo vwa ta mande yon manm nan yo pou yon pwojè kèlkonk, ministè levasyon nasyonal la kapab pran TAFA Mi-Soleil ak Reginald Cangé mete ak Dener Ceide pou konpoze kontin oubyen chanson pou timoun yo.

Nou pa gen dwa inyore bèl travay Claude Dauphin te fè nan lane 80 yo kote l te konpile chanson pou timoun nan yon rekèy ki pote non Brit Colibrit. San bliye tou divès konpozisyon k ap penn maltretans timoun. Men atis sa yo (Tafa Mi-Soleil, Zafèm) suivan jan yo anime, kole sere ak nanm sosyete a, ak fòlklò a, ki pran atizay nan dimansyon plezi ak konsyans anpi dimansyon titès li, ap itil anpil nan yon pwojè konsa. Tout moun gen atis yo, gen mizik yo, djaz yo sòf timoun yo. Mwen salye tout atis k ap travay nan sans fè mizik pou timoun yo ke mwen pa konnen.

Travay sa a t ap ede n tou sispann mime kontin peyi etranje yo, fè timoun yo chante yon pakèt reyalite yo pa menm konnen ak konprann. Egzanp « Sur le pont de D’Avignon. Nou voye imajinè yo ale jouk nan mwayen-aj lakay pèp Sèl ak Baba yo anpasan nan mitan mitoloji kretyen pou rive menm nan kwayans ezòterik. Milsan pa t peche, se te yon peyi yo t ap fabrike. Men sila ki peche a se sila ki jete fabilis la pou ale pran Lafontèn pandan menm Lafontèn pa t orijinal. Se lakay Ezòp li t al puize.

Alòs se pou n gen moun k ap fè mizik pou timoun yo. Moun ki ka rantre nan fòlklò a, pou n ap chante pou tibebe, elèv lekòl, pou yo gen bèl rèv sou peyi yo, bèl lide sou peyi yo, sou monn lan, mizik plezi timoun tou. Yo pa oblije tout tan se Michael Jakson yo pral chache. Timoun yo dwe gen mizik pa yo, danse pa yo nan yon lojik natif natal.

Manman ki ansent lan pa oblije ap tande mizik bandi, mizik k ap fè vyolans sou fanm ak gason, k ap pale moun mal, k ap pwone rayisans pou peyi a. K ap devlope tout tan echèk santimantal, dram santimantal. Li valab pou tibebe a, èlèv k ap grandi a.

Lè m ap gade Tafa k ap jwe, Reginald k ap jwe ak Dener, se tout titès noy y ap fè nou viv. Se tout yon souvnans k ap deplwaye. Anpi sa pouse n ap chache konnen ki gratifikasyon kiltirèl timoun yo gen Jodijou, ki lwazi?

Lè peyi a peyi, m ta renmen ministè levasyon nasyonal la, envite Tafa Mi-Soleil oubyen DENER CEIDE nan yon pwojè konsa. Kreye pou timoun yo! Fè yo wè lavi kapab bèl!

Quitter un commentaire

* En utilisant ce formulaire, vous acceptez le stockage et le traitement de vos données par ce site Web.

Vous pourriez aussi aimer