YON PASAY PWETIK NOU TWOUVE NAN CHANSON « ENEJI NOU SANBLE » ZAFÈM NAN.

par Bombarde Info
19 Vues

Tèks : Orso Antonio Dorélus

« Ou se egzateman pòtrè sila ki fè m kwè m ka fidèl» Dener Ceide

Pou yon moun k ap pratike powezi, kidonk powezi nan sans jan literè, se langaj ki konstrui monn lan. Dividi sila toujou ap chache rakonte monn lan nan fason pa li. Se pou sa li tanmen mete lapawòl nan tout sa ki nan anviwonman li. L ap dyaloge ak yo, l ap mete mo nan bouch yo, l ap anime yo. Li nan yon jwèt dekonstrui pou konstrui pou l kapab kreye efè estetik, pou li sisite mèvilis. Men tou sa posib se paske imajinasyon l fètil, rich, li pèmèt li kapab transfòme reyèl la pou l fè l tounen yon objè jwisans. Li pa gade sa ki la yo menm jan ak tout moun. Powèt la toujou nan yon demach dèyè mòn gen mòn ki vle di dèyè chak imaj gen lòt imaj, dèyè yon pawòl, plen lòt pawòl.

Se nan sans sa a, mwen parafraze Proust pou m di ekriven an se sila ki ekri nan yon lang etranje. Anba chak mo li anplwaye nou chak kapab ba li sans pa nou oubyen imaj pa nou ki souvan kapab debouche sou kontresans. Paske swaf kreye ekriven an pa pèmèt li pale menm jan ak tout moun, pawòl li trennen pilsans. Dezi ak konsyans atistik ki sele li a pa pèmèt li konsole l ak sa ki deja di, ak sa ki deja rakonte, pawòl ki fennen oubyen imaj pwezi ki deja ekspire depi lè djab pa te ko kaporal.

Se sa k fè powèt la toujou nan yon kous nouvote, nan yon kous pou l modifye reyalite yo nan fason pa li. L ap chache douslin lang lan, l ap chache kreye yon langaj ekstrawòdinè pou l sedwi, pou li kreye chamantiz. Se nan sans sa a, pawòl ki deja fèt yo, li defòme yo pou l ba yo yon lòt legzistans, yon lòt fason pou yo pale, pou yo fè sans. Dayè ekriven yo, powèt yo, atis yo jwe gwo wòl nan pèmèt yon lang renouvle ak anrichi vokabilè li ak ekspresyon yo.

Vè chanson «Enèji nou sanble» gwoup Zafèm nan, montre kòman Dener Ceide defòme yon konstriksyon ki nan langag toulejou a pou l kreye sans pwezi. Pou li kapab chame. Se kisa l fè menm? Li defòme ekspresyon «pòtrè fidèl» la pou l kreye «ou se egzateman potrè sila ki fè m kwè m ka fidèl». Li konstrui yon analoji metaforik pandan l pran de mo yo, li ajanse yo pou l fòme yon vè pwetik. Dener ap chache labote e pou l jwenn li, li mime ekspresyon an san pou otan li pa rete nan yon demach pla. Dayè nou te ka menm di konstriksyon konpreyansyon li a rantre nan yon chema sireyalis.

Misye atake ekspresyon an pou l vin yon kreyatè langaj, pou l vin yon majisyen ki kapab jwe ak mo. Se sa n ta ka rele chenè a. Li tèlman metrize lang lan, l ap rale chenè ak li. Pandan l ap jwe ak ekspresyon an, li pa pran ekspresyon an pou jwèt pou sa. Paske lè nou fin li sa l konstrui a, sa l pwopoze kòm enonsyasyon an, nou oblije mete potrè ak fidèl an rapò pou n jwenn kote l sòti ak fòmilasyon an. Kad referansyèl enonsyaysyon an sòti nan reyèl la. Li sòti nan lang ki deja la a, men li pa koupe fache ak li. Li jis kreye yon langaj ki pi bèl. Se yon pwosesis metamòforizasyon.

Nou pa dwe inyore nan mit yo bay sou lorijin pòtrè nan listwa loksidantal la, li sòti nan Lagrès Antik. Yon mit ki genyen yon dimansyon santimantal. Yo rakonte se yon Pòtye yo te rele Dibutade ki te gen yon pitit fi. Manzè te gen yon mennaj ki ta prale nan lagè, nan sware mennaj la vin wè li, pou l kapab toujou genyen prezans misye bò kote l menm pandan absans li, li fè misye kanpe anpi li leve pòtrè li sou mi kay la. Li reyalize pòtrè fidèl misye sou mi an nan lide pou l rete fidèl toutoutan l ap gade pòtrè misye nan mi an anpi sa ap soulaje soufrans li. Sa vle di pòtrè te toujou jwe gran wòl nan relasyon lanmou. E menm jounen jodi a ak avanse teknoloji a, fotografi vin bay divès pwosede imajik pou moun tire pòtrè. Menm si ak kesyon makiyaj, lòt travay entèlijans atifisyèl yo nou kapab toujou doute sou koze pòtrè fidèl la.

Dener di l deja, se powèt Georges Castera ki enfliyanse l. Nou konnen powèt sila, toujou ap jwe ak lang lan, ak ekspresyon toulejou yo, ap envante, kreye imaj, konstrui ak dekonstrui pou kreye sans powetik. Georges Castera ta di: « Nou tankou de tach lank/ sou yon fèy papye/ bèl mèvèy on fòt otograf ka fè». Dener Ceide montre ladrès li genyen pou l jwe ak enonsyasyon yo. Li semantè l ap fidèl ak entèlokitè li a paske li se potrè l. Kidonk nan lanmou youn fè yon sèl. Fidelite se garanti lanmou.

Quitter un commentaire

* En utilisant ce formulaire, vous acceptez le stockage et le traitement de vos données par ce site Web.

Vous pourriez aussi aimer