Ayiti : Drick Luxury, yon mak liks Ayisyen ke w dwe konnen

par moisesavensley
456 Vues

Abiman nan mond lan te arive pran yon lòt dimansyon depi lè, nou menm, moun k ap viv nan sosyete a vin arive konprann ke fason w prezante w se konsa tout moun wè w. Konsèp sila, gwo mak yo sèvi avèl anpil e yo kreye mwayen pou yo menm ak non pwodwi yo a se yon referans ki mete an valè klas sosyal ou.

Nou menm imen, nou atire pa sak bèl. Nou tout pase yon moman nan lavi nou kote nou anvi posede yon rad, yon soulye elatriye men pòch nou pat kapab rive. Gen nou ki viv li an silans, gen nan nou tou, tankou GUE Whendrick ki deside pote solisyon ak pwoblèm sila.

Natif kapital Ayisyen an, menm jan ak anpil lòt, te twouve l nan obligasyon pou kite peyi an akoz fason sitiyasyon te mangonmen. A 21 lane, chanje peyi te kapab bali sansasyon rekòmanse tout bagay a zewo men se si l pat kapab konte sou entelijans li. Li reyisi pran kouraj e pwofite tante yon gwo paryaj, paryaj swiv rèv li.

Aprè 3 lane nan domèn nan kote li travay ak anpil fotograf, konseptè ak estilis. Whendrick deside sèvi ak sa l aprann nan domèn nan pou fè nou pwofite, a pati de mèg mwayen ke nou genyen, bon jan liks, gras ak nouvo mak li mete sou mache a《DRICK LUXURY》.

Yon meyè pwodwi ak yon meyè pri. Se ak lojik ke mak sa fonksyone. Pwodwi premyè yo gen yon kalite ekstrawòdinè epi rezistan. Konsepsyon yo bèl e sa ki plis enpòtan yon moun ap chèche nan yon pwodwi liks ki se konfòtabilite, li genyen l tou.
Kò m egzanp, soulye《DRICK LUXURY》yo se bon jan manifakti “Aliveshoes” ki se meyè nan domèn nan e ki soti dirèk nan lakou Itali.

Avèk vizyon pou l te pote ba nou anpil klas, estil, liks nan yon sèl pwodwi. Jèn kreyatè a ki gen plis ke 100 000 moun k ap swiv eksplwa l yo sou rezo sosyal yo,  frape byen fò nan pòt mache Ayisyen an e pwodwi l yo disponib sou sit entènèt mak lan: www.drickluxurybrand.com .

Aprè G. Whendrick fin kòmanse ap pote satisfaksyon pou tout moun nan kominote entènasyonal la depi Septanm 2021, se tou pa nou pou nou dekouvri sa li gen nan djakout li, se tou pa nou pou nou sipòte l paske se linyon ki fè fòs nou depi nan tan lontan.

Quitter un commentaire

* En utilisant ce formulaire, vous acceptez le stockage et le traitement de vos données par ce site Web.

Vous pourriez aussi aimer