Fònikasyon jèn anndan legliz : ant lanmou ak tantasyon ?

par Mélissa Ferol
415 Vues

“Mwen renmen ak Stéphanie depi dezan nou deside tann aprè maryaj pou nou fè bagay paske nou se kretyen “ deklarasyon Mak 26 lane.

Abstinans seksyèl vle di, sispann tout pratik seksyèl pandan yon bon titan. Genyen anpil rezon ki ka lakoz de patnè deside fè abstinans seksyèl tankou rezon maladi (enfeksyon ), rezon sosyal, rezon relijyon . Men nou dwe konnen li p ap rete san konsekans sou kò nou ak nan relasyon santimantal nou.

Ann eseye gade ansanm konsekans abstinans seksyèl genyen sou kò a.

Daprè yon seksològ Fransè Rolan Moal, bò kote gason an, si abstinans seksyèl la dire anpil, li p ap kapab rete bande pou lontan lè l ap fè sèks. Li kontinye pou l di gason ki gen plis relasyon seksyèl yo ap gen mwens risk pou yo soufri maladi kansè postat pa rapò ak lòt gason ki fè abstinans yo kanta pou medam yo, daprè seksològ la, pa fè sèks pandan yon bon titan ap genyen konsekans sou mantal yo. Y ap gen difikilte pou yo jere estrès epi yo pap sou fè sèks.

Kounya Ann eseye gade konsekans li ka genyen anndan yon relasyon amourez

Toujou daprè seksològ la, pa ta dwe genyen abstinans nan mitan de moun ki ansanm, si sa ta rive, se yon move siy pou de patnè yo paske fè lanmou agrandi lyen ki ini de moun ki renmen, agrandi konfyans yo genyen youn nan lòt si pa gen rapò seksyèl relasyon an ap vin fad p ap gen amoni relasyon an ka menm riske kraze.

Kounya ann gade kisa labib di sou jèn k ap fè pratik seksyèl avan maryaj

Stéphanie ak Marc de jèn kretyen batize ki renmen depi dezan dakò pou yo tann jiskaske yo marye pou yo fè sèks “menm jan ak tout lòt jèn ki renmen, nou menm tou nou konn anvi fè sèks men nou jere l jan nou kapab lè youn febli lòt la soutni l depi genyen konviksyon tout bagay posib”

Pou moun ki kretyen labib bay pozisyon l sou zafè abstinans lan nan 1 koretyen 6 vèsè 18 a 20 lè jezi t ap anseye pèp li, li te pwononse pawòl sa yo kouri pou dezòd lachè. Yon moun te mèt fè tout lòt kalite peche sa pa fè kò l anyen, men moun ki lage kò l nan dezòd lachè, li fè peche kont pwòp kò li.

Li kontinye pou l di se konnen nou pa konnen kò nou se tanp sentespri Bondye te ba nou an nou pa mèt tèt nou ankò, Bondye achte nou kach, li peye chè pou sa se poutèt sa sèvi ak kò nou yon jan pou n fè louwanj Bondye.

Yon lòt bò gen kèk jèn ki anndan legliz ki batize ki pa swiv presèp kris la. Yo kite dezi chanèl fè yo dezobeyi pawol bondye.

Se pati mwen pi pa vle wè nan bib  zafè fè abstinans lan dayè nou jèn, anvi yo la nou p ap ka tann jis lè nou marye vrèman Bondye konnen lachè fèb antouka mwen ak menaj mwen pa ka fè abstinans” se te deklarasyon Sergo 28 ki gen lane.

Nan koretyen 7 vèsè 2 jezi di si tèlman gen dezòd lachè deyò a se pou chak gason gen madanm pa yo konsa tou se pou chak fanm gen mari pa yo .

Nan liv eklezyas jezi bay yon avètisman ak tout jèn ki lage kò yo nan imoral.

Li di jèn rejwi, banbòchè pran bon jan plezi men konnen pou tout bagay sa yo bondye ap rele nou nan jijman.

Nou menm jèn kretyen swiv ansèyman pawòl Bondye suiv kòmandman li yo konsa n ap toujou beni nan tout sa n ap fè.

Quitter un commentaire

* En utilisant ce formulaire, vous acceptez le stockage et le traitement de vos données par ce site Web.

Vous pourriez aussi aimer