Temwanaj Christ-Falin Oralus sou depresyon

par Oralus Christ-Falin
228 Vues

Temwanyay

Si w pa anfòm mantalman, pa li temwanyay mwen an. Li kapab toksik pou ou anpil.

Depi Oktòb 2022 jiska Me 2023 mwen viv de moman atwòs. Mwen pase uit mwa tèrib nan lavi mwen. Gen yon zanmi mwen ki renmen di, piton ou achte eksperyans olye nou achte byen materyèl. Anpil moun kite parès kenbe yo, fè yo anvi reyisi nan tout sa y ap fè nan lavi. Mwen te toujou kwè nan eksperyans men mwen pa t janmen konnen si eksperyans lan te kapab atwòs nan pwen li kondui yon moun nan pwòp destriksyon li.

2 Oktòb mwen pèdi papa mwen, Novanm mwen viv menas lanmò pou yon zanmi mwen te konn soutni (menm si apre konsène a ta pwal di mwen se te malantandi), Desanm mwen tonbe sou yon separasyon (envansyon yon ekspè nan zanmi fanm ak lòt akolit ki entrige pa separasyon), Janvye rive koulye a, mwen ap sibi buly antouraj imedya mwen. Mete sous a estrès peyi a pote nan lavi m. Mwen gen de lane m ap viv ak yon sansasyon kip a janm kapab ale. Swa nan biwo mwen, nan lari oswa menm sim wen nan kabann lakay mwen, mwen konn santi grenn bal ap antre nan do mwen oswa nan vant mwen. Depi Janvye, mwen kòmanse konsyan mwen depresif. Gwosè enèji mwen te konn ap degaje sou rezo yo, mwen manke fòs pou mwen bay li.

Mwen te kòmanse ap ekate m de moun san mwen pa ran mwen kont. Mwen pa ka dòmi. Mwen pase anpil tan manje pa entèrese mwen. Pi gwo sousi mwen se te kijan mwen ka asime sa k ap wonje mwen yo san moun pa okouran oswa san moun pa wè sa nan mwen. Moun ki pi pwòch mwen ki santi mwen pa byen, yo trouve mwen two gran, mwen gen twò gwo pèsonalite pou m ap trakase m pou ti detay san sans. Chak mwen panse aak pawòl konsa, mwen trouve li initil pou mwen mande soutyen paske y ap wè mwen mal. Y ap iwonize mwen paske moun tankou mwen pa dwe fèb konsa. Epi mwen menm, men kijan mwen wè pwopo sa yo, vrèman, mwen gen yon gwo pèsonalite, men sitiyasyon raz anpil, epi malgre sa, m ap fè fas ak yo. Mwen panse, moun mwen ye a, ti detay sa y opa ta dwe janm pase bò kote m. Estim mwen ta pwal kòmanse pran kou. Mwen pèdi pri mwen te santi mwen gen sou tèt mwen an. Si w te machande m, mwen te ka kite w pran m pou sengoud. Mwen santi menm si mwen ta pase tout rès ane yo, mwen p ap janm kapab ekate mwen de wont sa yo ki plane sou tèt mwen an. Ti sitiyasyon sa yo, selon mwen, ta dwe kapab rive lòt moun sof mwen menm. Mwen estime mwen ta dwe yon modèl ak yon lavis an fay. Otomatikman m ap viv faz sila, mwen komanse ap fè move lide. Mwen achte kòd sere nan raje. Mwen konn leve lakay mwen Gonayiv a senkè di maten, m al chita ap veye epi gate devan ki kamyon mwen ta lage kò mwen. Lide suisid la te vin entrige mwen anpil. Nan reflechi, mwen te menm vi n pran l tankou yon fòm rezistans oswa yon fòm goumen pou moutre yon moun nou pi fò pase sa yo ka panse oswa di sou nou.

Grasadye, mwen genyen 5 zanj nan lavi mwen. Yo pa fè menm bagay nan lavi m. Yo chak pote touch pa yo ki vin konplemante ak jefò pèsonèl mwen pou m pran jarèt. Mwen p ap site non tout senk moun sa yo men m ap idantifye yo chak paske yo konte anpil pou mwen. Se petèt Bondye ki voye yo. Gras ak yo, mwen te rive ekate m tout bon de plizyè nan sous toksik yo. Mwen konnen pòs sa ka mennen lòt buly, erezman, mwen estime mwen kite pi move etap la nan soufrans mwen, mwen ka asime yo. Paske pi gwo pwoblèm ba w pi gwo matirite. Men zanj ki te ede mwen yo.

  • Premye zanj lan, pi gwo a se manman m. Konplis mwen. Pwotektris mwen. Konsolatè mwen. Li imajine sa m ap viv. Li banm fòs ak kouraj epi li tcheke sou mwen lit lit. Mwen estime mwen pa merite sa ditou men manman m li menm se misyon pa li, kontinye kenbe m anvi sou ti bout tè sa a.
  • Dezyèm zanj lan, se Rayou, pitit fi mwen. Mwen ka annik pale ak li epi mwen trouve mwen gen yon responsablite ki depase volonte pèsonèl mwen. Mwen trouve Rayou banm twòp lanmou pou mwen ta fè betiz. Lè li ta vin konsyan de efò li fè pou mwen an jwa epi pou m ta chwazi suisid, santiman enpuisans ap blese li anpil. « Papi cheri doudou a, mwen anvi pran sant vwa w. I love you cheri doudou anm » ti mesaj sa yo, chak yo vin nan tèt mwen, mwen souri. Rayou merite genyen papa li anvi.
  • Twazyèm zanj lan, se yon bibliyotektè mwen te rankontre nan kad ankèt eksplorasyon mwen t ap fè nan bibliyotèk eskolè pou memwa mwen. Nou t ap vin kloz anpil paske nou gen liv ki lye nou. Li ta pwal devni zanj gadyen mwen poudayè li se kretyèn. Li priye ak mwen twa fwa pa jou. Li toujou banm mwen ekout li. Li pa janm jije mwen. Menm konsèy li pa konn chwazi ban mwen. Se grenn moun kite banm dwa kriye nan zòrèy li pandan plis pase senk minit san li pa di mwen « Ah monchè, gason w ye. Ah, ou fè lèd ». Pafwa, enèji mwen afebli pa li. Pa fwa li panike tou. Nan moman mwen pi mal la, mwen te oblije ekate m de li. Li te trouve se yon mouvman trèt kòmkwa mwen geri epi mwen lage li. Mwen estime, mwen te fatige li twòp. Li mete mwen nan yon gwou priyè ki aktif anpil sou telegram ak tiktòk « Youth ministries team ». Anfen, dènye fwa mwen te anvi al lage kò mwen devan yon kamyon, mwen rele li, mwen di l mwen bouke, mwen pa kapab ankò. Li fè m pale, mwen pale, epi li di m kèk pawòl konsolasyon.
  • Katriyèm zanj lan se Ruth Dormeus ki fokalize li sou sante mantal moun. Mwen panse prezans demwazèl sa enpòtan pou mwen anpil sou rezo a. Mwen toujou pran konsèy li yo oserye paske tout pwogrè mwen ta pwal kòmanse jou mwen ta pwal deside ekate mwen de tout sa ki te toksik yo. Mwen vin dakò refize kèk moun sèvis, mwen vin dakò kèk moun pran mwen pou lènmi. Mwen ekate tout rezo yo. Mwen pa gade estati whatsapp pèsòn. Si pou w ta di mwen yon pawòl, ou pa vin di l nan zòrèy mwen, mwen p ap resevwa l kote w mete li a. Mèsi crush la. Pran swen tèt ou tou pou w ka pran swen nou pi byen paske mwen se youn nan moun ki te konn toujou ap pran swen moun anpil pandan sante pa mwen ap deteryore.
  • Senkyèm zan lan, se yon kòlèg travay mwen. Li tcheke sou mwen tankou yon ti frè. Ekri mwen tanzantan pou pran nouvèl mwen. Li kreye anpil astis pou m travay ak kè poze. Li ede m konprann sitiyasyon yo se pou mwen, mwen ba yo twòp valè, paske menm si yo tranchan, yo pa ka retire anyen sou sa mwen ye a. Defwa nou kale blag nou. Li konn ekri m eksprè pou fè m ri. Li toujou itilize iwoni pou li banm leson yo. « Yo w baz, mwen gen yon sèl ti wòb nwa. Mwen g on pwojè m ap travay la, si m gen kòb, se pa nan rad antèman mwen pwal mete l non. Kontwole w bòs. Rele apre kò w ».

Aprè senk zanj sa yo, gen anpil lòl zanj lavi mete sou wout mwen. Yo chak ede m yon fason. Gen moun ki te vle ede mwen, ki ban mwen soutyen, mwen pa rele yo zanj paske entèlektyèlman, enplisitman oswa envolontèman prezans yo te gen enpak negatif sou sante mantal mwen. Mwen pran tan pou m konprann sa. Genyen se yon senp jijman sou mwen tankou « mwen nayif twòp ». Eske si mwen viktim trayizon, se nayivte m ki koupab oswa trèt la ? Mwen te sèvi kobay pou soufrans moun tankou m san mwen pa rann kont. Mwen jwi jenewozite anpil moun nan antouraj mwen. Mwen pa deside rele yo zanj men gen defwa se souri yo oswa yon pawòl yo ki banm fòs.

Mèsi ak kèk enfliyansè ki te pote touch esansyèl pou mwen. Pa egzanp : Collinx Mondésir ki ede m retravay sou tèt mwen. Mwen ap pwomote lide sa yo anba mouvman #Ikigay. Sikològ la ede mwen retravay sou mak pèsonèl mwen. Bòn nouvèl, mwen jwenn yon ti pwomosyon nan travay mwen swit ak yon rekritman. Mwen kòmanse travay egzateman nan kesyon medyason kiltirèl bò kot jèn ak kolektivite teritoryal. Mwen fyè pou nouvèl eksperyans sa. Mèsi ak Fodlyne Lou André , Malkiel Jonathan Bazile , Nephtalie Dantes, John Cedieu (Gen de pòs nou fè ki tchuip sou mwen konsa genyen tou ki banm kouraj pou m viv pou mil ane ankò). Mwen di mèsi ak espas travay mwen, petèt apre anndan lakay mwen Bonbad, se espas ki te pi safe pou mwen viv. Patwon mwen pa estresan. Responsab yerachik mwen an te yon psy, li pa estresan non plis. Mwen otonòm, yo fèm konfyans. Mwen travay san enkyetid. Grasadye, mwen pa konn kote mwen jwenn fòs, men, mwen te toujou remèt travay yo a tan.

Pou moun mwen ekate yo, si nou rive li tout pati anlè a. Mwen di nou sorry. Se pa paske mwen rayi nou ki lakoz mwen pran distans ak nou men pito paske mwen renmen tèt mwen. Nou te estrese m plis pase sitiyasyon mwen t ap viv yo. Nou te vin transfòme tèt nou an pwazon an menm. Wi, mwen amelyore anpil lè mwen pa panse ak nou, lè mwen pa gade estati nou ak lè mwen konsyan nou pa rayi mwen tout bon men ptio nou renmen m tèlman, nou ap fòse m bwè yon konprime san m pa fè analiz medikal.

Pou zanmi ki fache ak mwen paske m te di yo non plizyè fwa pou sèvis yo mande mwen yo. Mwen dezole. Mwen te toujou konnen mwen pa t yon moun nan zye nou men pito yon wobo. Poudayè, depi 2021, se maladi mwen sa. Mwen toujou ap tande mizik Gazman lan « doesn’t matter » epi m ap kriye paske mwen konnen, felisitasyon nou yo ak jenewozite nou yo pa pou yon moun vrèman men pito pou yon wobo sèvis, pou yon powèt, yo editè men pa pou Christ-Falin Oralus. Kreyasyon yo se tankou mango oswa zoranj dous. Nou manje nannan yo epi nou jete po yo.

Mwen pa fè pòs sa pou resevwa pitye ak favè okenn moun okontrè mwen fè li paske mwen konnen gen anpil moun ak gwo pèsonalite ki ap soufri, ki bezwen èd men ki ap fè sanblan chak jou tout bagay byen. Gen anpil gwo responsab ki ap depafini ak estrès men akoz de pozisyon yo, yo panse yo pa gendwa bese lè bwa sou pretèks pou moun pa di yo se moun fèb. Jouk jodi a, mwen gen dout sou lanmò papa mwen. Yon moun ki te toujou moutre li fò, li san panik, li pa pè anyen. Mwen poko janm sonje mwen te wè li fèb yon jou alevwa pou moun ta konseye li oswa ba li konsèy poudayè li te tèlman santi li fò mantalman, li pa t vrèman bay enpòtans ak konsèy moun. Li te plis moun kap bay konsèy la. Moun k ap oryante moun lan. Li te an yon estad depresyon selon sentom mwen te wè yo, se vre mwen pa espesyalis. Mwen tante plizyè fwa pou m ta pwopoze l yon psy, bon, mwen te pè li, mwen konnen li t ap voye m anlè san atrap. Li rive nan yon estad, li manje, li bliye si l manje. Li bliye non moun li te konnen fen e byen ki ap viv prè li. Sa vle di mesyedam, lestomak pa mouda kanno. Maladi mantal pi grav pase maladi nan kò. Prekosyon pa kapon. Pran swen tèt nou. Apre nou menm, se ta dwe nou menm. Lòt yo aprè, si gen plas. Se sa mwen konprann paske lè moun mouri, mwen souvan tande kèk moun k ap di « Pito se li ».

Mwen se Christ-Falin Oralus. Depresyon mwen viv la pa retire anyen nan mounite mwen. Li pa diminye kapasite mwen. Okontrè, mwen vin pi fò pou afwonte lòt sikonstans k ap vini. Pou koulye a, mwen pa menm rive wè poukisa mwen te gen tout tèt chaje sa yo. Se bagay mwen te ka jere. Men se jis paske mwen pase etap la ak kouraj, m ap gade li pa dèyè koulye a. Let’s go for tomotrow, let’s go for another experiences.

Christ-Falin Oralus

Quitter un commentaire

* En utilisant ce formulaire, vous acceptez le stockage et le traitement de vos données par ce site Web.

Vous pourriez aussi aimer