Graten boule, yon gwo danje pou lasante, èske w te konn sa?

par Mélissa Ferol
267 Vues

“Lè m ap separe manje, m pa janm entèrese retire yon plat manje pou mwen menm si genyen an kantite, se graten an menm mwen renmen depi m jwenn li mwen satisfè” se deklarasyon Nerlande ki genyen 34 lane.

Anpil moun nan peyi DAyiti paka viv san graten, yo pito pa pran manje. Depi yo jwenn graten an yo satisfè, graten diri, graten espageti, graten mayi, graten ble, tout la pou menm kout baton.
Pou moun ki pa konnen kisa ki “graten “ an se mas manje ki kole nan fon chodyè a lè w fin drese manje a, pafwa graten an konn pran gwo koulè, lè sa yo relel “graten boule”. Majorite ayisyen natif natal p ap manje san yo pa mete graten an nan yon ti bòl, oubyen yo konn mete l sou kote manje a. Nan asyèt la se yon abitid ki tou rantre nan kilti nou. Tout timoun, tout granmoun renmen graten boule.


Plizyè doktè dekonseye moun manje graten kèlkeswa manje a paske graten an kapab lakòz kolestewòl ki se yon gwo kantite grès nan kò moun k ap manje l la. Moun k ap konsome graten an, pran de fwa plis grès pase moun ki manje mayi a oubyen diri a paske li toujou al kaye anba chodyè a. Espesyalis yo kontinye pou yo di graten an tou, kapab lakòz akimilasyon plon nan san nou. Gen kèk moun ki inyore si chodyè y ap sèvi a fèt a baz aliminyòm, lè manje a fè graten li vin kole nan fon chodyè a e lè w al grate graten sa a, li tou leve ak aliminyòm nan, sa ki pra l bay twoub dijestif k ap akonpanye ak vant fè mal, vomisman ak dyare . Gen moun ki pran graten tankou dwòg, yo p ap fè yon jou san yo pa manje l menm si yo santi kèk malèz. Yo fè kòmsi yo pa konprann. “Depi m tou piti, mwen renmen graten malgre li konn banm pwoblèm lestomak. Mwen pa ka pa manje l “ se deklarasyon Midlyne ki gen 30 lane.

Graten boule a menm, li pi sèk pi kole. Li se yon lòt gwo danje toujou pou lasante. Espesyalis yo fè konnen graten boule a genyen prezans kabòn kise yon lòt danje ankò pou sante moun paske lè li al chita nan trip la, li ka lakòz konstipasyon, lestomak boule ki pral debouche sou ilsè pi devan. Epi mete sousa, graten an lakoz twoub memwa pou granmoun yo lè yo komanse antre nan laj avanse.

Malgre tout danje graten an reprezante, anpil moun deklare yo paka divòse ak li. ” Malgre pafwa m konn gen vomisman lè m fin manje graten, m toujou kontinye manje l paske m paka viv San li” se sa Magdala te pataje ak nou.

Se vre graten an gen kote pozitif ladann li, tankou li gen bon sèl, li kole, gen moun ki di graten an se krèm manje a yo paka jete l. Gen moun ki rele l rasin manje a. Menm jan nou sot detaye l pi wo a, li gen anpil konplikasyon ladann e li kapab gen move enpak sou sante nou, alòske, nou tout konnen lasante pi enpòtan pase tout bagay. An nou pwoteje tèt nou, an nou divòse ak graten boule, paske evite miyò pase mande padon.

Quitter un commentaire

* En utilisant ce formulaire, vous acceptez le stockage et le traitement de vos données par ce site Web.

Vous pourriez aussi aimer