Jenn fanm selibatè, planin ?

par Mélissa Ferol
619 Vues

Menaj  mwen alèji ak kapòt  a chak fwa n ap fè sèks li voye deyò men malgre sa mwen santi m pa an pè. Mwen deside fè planin pou m pa ansent” sa se deklarasyon Martine 23 ki gen 23 lane

Kisa planin ye?

Planin se yon mwayen Fanm itilize pou yo pa fè pitit sizanka  yo poko pare pou sa. Òganizasyon mondyal sante (OMS) deklare efikasite yon metòd planin varye daprè nonb gwosès ki anrejistre nan kominote a sou chak 100 Fanm ki itilize planin plan yo kòrèkteman dwe genyen omwen youn ou de ka gwosès ki anrejistre se lè sa nou ka jije si yon metòd planin efikas .

Toujou daprè OMS kit se metòd prezèvatif (kapòt

) ou byen metòd kontrasepsyon òmonal objektif yo se bloke pwosesis fè pitit la pandan yon tan. Metòd prezèvatif la anpeche tou de patnè yo pran enfeksyon moun pran nan fè sèks epitou li anpeche espèmatozoyid yo kwaze ak ovil la. Metòd konprime a li menm, wòl li se bloke ovilasyon an paske depi fanm lan pa ovile li p ap ansent.

 Ki konsekans pran planin genyen Sou kò yon Fanm ?

Daprè yon jinekològ ayisyen, li toujou enpòtan pou doktè a fè yon ti chita pale ak pasyan an avan l ba li konprime a nan lide pou l fè l konnen konsekans planin nan ap genyen sou kò fanm nan tankou emoraji, reta règ, ogmantasyon pwa.

Tip kontrasepsyon òmonal la trè efikas se si fanm nan aplike metòd sa kòm sa dwa se li k ap ba l emoraji a men ki p ap la pou lontan. Konsa tou medsen an ka ofri pasyan an lòt medikaman k ap kanpe emoraji li p ap gen okenn konsekans sou iteris la.

Li kontinye pou l di okenn fanm pa dwe chwazi metòd planin yo san konsiltasyon yon doktè. Yon fanm ki chwazi fè planin dwe ale nan relasyon seksyèl souvan son w fason pou globil wouj yo ki se defans kò a pwoteje .

Kounya ann eseye gade ansanm èske yon Fanm ki selibatè ka pran planin ?

“Menaj mwen alèji ak kapòt a chak fwa n ap fè bagay li voye deyò men malgre sa lespri m pa an pè mwen pa vle ansent mwen deside pran planin. Pou kont mwen san m pa al kay doktè mwen te pran konprime pilplan an. Aprè 3 zan mwen te kanpe planin nan paske nou te vin deside marye pou nou fonde yon fwaye jou ap pase ane ap pase mwen pa janm ka ansent”deklarasyon Matine 23 lane.

Daprè jinekològ la yon fanm ki poko fè pitit pa dwe pran planin l ap difisil pou li fè pitit lè li pral bezwen youn se gwo lavaj doktè ap oblije fè pou li, li kontinye pou l di meyè fason pou yon fanm selibatè pwoteje tèt li pou l pa ansent se itilize prezèvatif l ap penmèt li pa ansent epi l ap pwoteje l kont enfeksyon moun pran nan fè sèks… se sèl mwayen ki pi efikas.

Finalman jinekològ la bay  kèk konsèy k ap itil tout popilasyon an . ”M ap bay tout jèn fi konsèy sa yo, li toujou enpòtan pou nou gen yon sèl patnè seksyèl paske nou ka trape gwo enfeksyon si li pa trete  ki ka mòtèl pi devan, kidonk depi nou remake kilòt nou ba nou lòt odè ki pa sant pipi, pèt jonat, krm,demanjezon nou dwe prese prese Al wé yon ginekolôg li konseye Pou nou ale ak patnè seksyèl la tou sinon trètman pap byen fèt ,pou zafè planin nan depi nou poko fé pitit meyè metôd la se kapôt.

Quitter un commentaire

* En utilisant ce formulaire, vous acceptez le stockage et le traitement de vos données par ce site Web.

Vous pourriez aussi aimer