Lajenès ap fè bouch a bouch ak chicha

par Mélissa Ferol
308 Vues

Jèn Fanm ak jèn gason yo pa pran chicha pou yon dwòg paske fèy ki konpoze l yo santi  bon. Gen sila ki p at konn fimen ditou men ki pran pratik sila pou yon lòt bagay apa. Ant plezi ak maladi, ki malè ki pandje sou tèt nou?

Chicha a fèt tankou yon pip pa fwa ki kout pa fwa ki long. Li fèt pou fimen tabak epi li popilè anpil nan peyi Ayiti. Se jèn yo ki plis konsome l san yo pa konnen fimen chicha a ka lakoz gwo pwoblèm kè ak poumon si yo fimen l twòp daprè kèk espesyalis. 

Li tèlman popilè gen kèk ba restoran ki fè yon espas pou sa menm. Pou kliyan yo ka pi alèz lè y ap fimen l. House beer ki sitiye Nan kè pôtoprens lan, gen yon ti kwen espesyal pou konsamatè chicha yo. Souvan fwa se jèn ki anvayi espas sa ki tou gen aparèy la ki disponib ak tout tabak la “kliyan an peye 2500 goud poul jwenn aparèy la ak tabak la konplè si l ap double dòz la l ap peye mwatye kòb sil ta vle ajoute mant, frèz ak zoranj. Lè sa inite a ap koute li 500 goud” selon esplikasyon yon anplwaye nan ba a.

Fernande placide genyen 24 lane li avwe ke li paka viv san chicha. Li nan twazyèm ane agwonomi epi li kòmanse konsome chicha depi lè l gen 19 lane ”mwen konn pran dòz yo fò epi byen rapid mwen konn vle sou “.

Daprè kèk espesyalis, fimen genyen gwo dega sou sante. Se tout ògàn anndan yo ki ta vle andomaje patikilyèm aparèy respiratwa a.

Fernande te fè konnen lè l te fenk ap komanse fimen li te gen pwoblèm pou l respire pandan twa mwa “Mwen te vin redui nan dòz la depi lè sa pwen pa gen malèz sa ankò”.

Jèn yo tèlman ap chèche “vibe” yo konn menm ajoute sa yo pata sipoze nan pip la ”pafwa mwen konn met marijuana oubyen zèb  ladann wi pou m chèche feeling “ se sa Reginal 26 lane tap rakonte .

(APAAC) se yon asosyasyon k ap fè prevansyon sou kesyon konsomasyon alkòl ak tabak. Moun ki ta vle alkolik deklare yon moun k ap fimen chicha anmagazine plis lafimen ke yon moun k ap fimen sigarèt. Se depi 2017 asosyasyon sa ap fè sansibilizasyon sou kesyon konsomasyon chicha a bilan yo jwenn anndan lekòl yo wo. Prèske tout elèv yo fimen chicha menm omwen yon fwa nan vi yo ak yon zanmi kelkonk oubyen ak fanmi yo se deklarasyon youn nan manb komite asosyasyon sila.

Moun k ap fimen chicha riske fè kansè

Nan  kominote ayisyèn lan sitou nan klas mwayèn ak nan klas boujwa yo, fanmi yo souvan reyini ansanm pou yo konsome chicha pou yo menm se yon moman anbyans kote chak manb nan fanmi an envite yon zanmi pwòch. Gen lòt moun tou ki plis renmen konsome l nan klèb.

Chicha a se yon dwòg li ye tou, li bay yon sansasyon byennèt e se sak fè konsomatè yo pa janm ka aksepte li pa bon pou sante yo.

Fimen chicha pwovoke maladi kè, pwoblèm nan poumon ak maladi kansè paske li gen plis tabak ladann pase sigarèt selon Jean Esther Ardouin yon nemològ.

Apre tout risk sa yo, nou ka toujou konstate kesyon bouch a bouch la. Yon zouti k ap pase de bouch ak bouch, lè nou konnen kantite maladi kontajyez nou ka pran nan kontak bouch ak bouch. Lide chicha a, se kote 20 moun kapab chita ansanm pou yo fimen nan yon sèl tib.

Quitter un commentaire

* En utilisant ce formulaire, vous acceptez le stockage et le traitement de vos données par ce site Web.

Vous pourriez aussi aimer