Ann dekouvri kèk byenfè tamaren gen ladann ak doktè Lubin Samuel Jean Gardy

par Mélissa Ferol
306 Vues

Tamaren se yon fwi twopikal ki pran nesans nan peyi lafrik malgre gen anpil deba ki fèt sou sa lasyans poko janm ka fin detèmine kibò egzakteman nan mond lan plant sa kòmanse donnen. Li gen yon lòt non yo ba li nan peyi Inde ki se “tamarindus indica”. Rechèch yo fè konnen yo konsome tamaren anpil nan kizinn endyèn, kizinn ewopeyèn ak nan kizinn kreyòl.

Po tamaren gon w koulè Jòn ki atire sou mawon, se anndan po a chè tamaren an chita li g on koulè mawon, li kole ak yon pakèt ti fil. Li gen yon ti gou si nan tan lontan, nan peyi pa nou nan zòn pwovens yo, se ak tamaren yo te konn angrese kochon. Timoun andeyò te konn pase nan sann pou fè l dous pou manje li tou. Jounen jodi a, tamaren vin gen yon pi bèl vizaj nan zye ayisyen.

Kounya Ann gade valè byenfè nou ka jwenn nan konsome fwi sa
Lubin Samuel Jean Gardy se yon jèn doktè jeneralis ki fè konnen, tamaren se yon fwi ki gen anpil avantaj sou sante, li gen anpil vitamin tankou B1, B2, B3, B11 li gen yon ti gou asid, epi li g on ti gou sikre toupiti. Li gen anpil fosfò, manyezyòm, potazyòm ak vitamin c dayè se sa menm ki karakteristik pwòp li. Li kontinye pou l pataje konesans li sou pyebwa a ki bay fwi tamaren an ak nou. Se yon pyebwa ki wo anpil, li bay yon bèl lonbraj, chè tamaren an se yon benediksyon latè. Li ede kò a fonksyone pi byen, li gen yon pwopriyete laksatif sa vle di ki pèmèt moun ki konstipe twalèt byen, li soulaje noze ak vomisman lakay fanm ansent, li soulaje ilsè lestomak, li pèmèt fwa nou fè travay li pi byen ki se fabrikasyon bil, li ede entesten yo kontrakte pi byen e li menm kontribye nan bon fonksyonman aparèy respiratwa sitou pou moun ki soufri asmatik .

Doktè a kontinye pou l di byenfè tamaren pa rete la, li soulaje konjonktivit, medsen konn menm rekòmande manman yo tamaren pou ti bebe yo pa gen twòp doulè lè dan yo ap pouse. Fèy tamaren an kapab itilize kòm konprès oubyen te pou moun ki fè tansyon. Fèy tamaren an bese kantite kolestewòl nan san.

Eske tamaren ede moun konbat dyabèt ?

Doktè Lubin reponn pozitif ak kesyon sa li fè konnen tamaren ta sipoze kontribye nan tretman yon moun ki soufri dyabèt paske fèy ki nan pyebwa a redui kantite glikoz ki nan san an .

Konbyen fason moun ka konsome tamaren ?
Jeneralis la deklare gen anpil mannyè moun ka konsome tamaren. Nan lòt peyi, genyen l nan famasi sou fòm konprime, siwo ak sou fòm poud. Men nan peyi pa nou, moun yo plis konsome l sou fòm konfiti, tizann, fwi, te epi gen moun tou ki glase gato avè l.

Konsèy sou kòman pou nou konsève tamaren an pou l pa gate.
Nou kapab konsève tamaren an nan yon tanperati nòmal ki pa twò cho, sizanka ou poko ap sèvi avè l menm jou a li konseye pou w konsève chè a nan frijidè e nou ka menm kite l fè glas sa p ap deranje l nan byenfè li yo. Se te konklizyon doktè Samuel.

Quitter un commentaire

* En utilisant ce formulaire, vous acceptez le stockage et le traitement de vos données par ce site Web.

Vous pourriez aussi aimer