LADJABLÈS : Mit ou Reyalite

par Bombarde Info
240 Vues

Vladimir Blaise
Pou
Bombarde Forum
Nan kad selebrasyon 200 Tyèm Anivèsè Komin Bonbad la.

Ladjablès la se femèl Djab la, se konsa li prezante nan fòlklò relijye a, se konsa tou li prezante nan zòn karayib la.

Ladjablès la, se yon fanm ki chaje riz, ki mechan, ki malen tou dapre anpil moun k ap pale de li.

Kijan pawòl “Ladjablès“ sa a rive Bonbad ?

Bri kouri, nouvèl gaye gen Ladjablès k ap atake moun nan Bonbad si moun nan fè zòn « Dèbouk », nan « Douya » a, « Fontèn »; elatriye, soti midi yo pou rive 6 zè nan aswè.

Nou jwenn pawòl sa a nan prèske tout kay sitou nan mitan Bouk la.
Jouk jodi a, nou pa ka di egzateman kote pawòl sa a soti men anpil moun te konn tande l.
Nou ka ajoute pou n di koze Ladjablès la te plis sanble ak yon mwayen « Prevantif » pou te anpeche Jèn gason yo al jwe nan anpil zòn paran yo te wè ki danjere, konsa tou li te konsidere tankou yon baliz pou nèg ki gen madanm yo pa al nan lòt fanm.


Rapid – Vit nou wè se 2 kategori moun ki te touche plis ak kesyon Ladjablès la.
Pi lwen n ap di, Ladjablès la pat la sèlman kòm yon baryè oubyen mwayen prenvansyon, men li te parèt nan mitan moun yo nan fen lane 80 pou finisman lane 90 yo nan yon kontèks byen patikilye.
Yon kontèks kote paran yo te pè pou Lougarou pa manje pitit yo, yon kontèks pyès nan nou pa ka inyore. Lè konsa w tande yo di w depi w soti, Ladjablès la ap manje w….
Youn nan langaj ki toujou makònen ak istwa Ladjablès la se te « Glòsmi », yon fason pou di n depi nou kwaze ak Ladjablès la l ap mande pou nou gwòs li…. Epi lòt imaj la, se prezante nou Ladjablès la tankou yon Fanm ki wo, ki gen anpil tete (7 anviwon)….

Mit oubyen Reyalite?

Mit, paske koze Ladjablès la se yon istwa ki te la pou te fè moun (gason + Jèn gason) pè.

Men tou li te rantre nan konstriksyon yon fòm reyalite nan yon moman byen espesifik anndan Komin nan.

Alòs, Mit oubyen Reyalite, nou pase anpil tan ap viv ak anpil Ladjablès anndan Komin nan…

Kisa w te konnen sou koze Ladjablès?

Pwofite moman sa a pou w pataje avè nou tout sa w konnen sou li…

Mèsi anpil!

Quitter un commentaire

* En utilisant ce formulaire, vous acceptez le stockage et le traitement de vos données par ce site Web.

Vous pourriez aussi aimer