Koze fanm Ayisyèn sou jete pitit : depenalizasyon, an kachèt oswa lòt mwayen ?

par Mélissa Ferol
615 Vues

“Mwen te gen 1 an renmen ak Stanley lè m te tonbe ansent pou li. Lè m te avwe l sa, li fè gwo diskisyon avè m li di m pitit la pa  pou li nou te vin kite. Tout lannwit m ap kriye m pa t konn kisa pou m fè, finalman mwen te oblije fè avòtman” deklarasyon Sandra 17 lane.

Kisa avòtman ye ?

Daprè yon jinekològ ayisyen, la medsin pale de avòtman se lè fanm ansent lan pèdi zanbriyon an pandan pwosesis gwosès la. Li kapab fèt sanzatann san fanm lan pa chèche fè sa, lè sa yo di li se avòtman volontè. Kèk jenn ayisyen ba li ti sinon tankou jete piti oswa antèman prive. Li kapab pwovoke l tou, nan ka sa nou pale de avòtman volontè. Medsen an kontinye pou l di “mwen rankontre anpil ka fanm ansent ki fè fos kouch souvan fwa sa konn soti nan jenetik fanm lan. Li kapab ton anomali fizik ki koz l ap plede fè fos kouch.

La medsin fè konnen genyen 3 kategori fos kouch:

Premye kategori a se sa nou rele fos kouch ki fèt avan lè a ki vle di nan premye trimès la ki evalye ant mwens pase 12 semèn san règ, dezyèm kategori a se fos kouch ki fèt ta a ki vle di ant 12 ak 24 semèn san règ, twazyèm kategori a se lè zanbriyon an fin bon poul bay bebe epi li mouri.

Kounya ann pale de avòtman volontè (jete pitit)

Daprè jinekològ la avòtman volontè a se lè fanm ansent lan deside ak tout san fwa li  kanpe pwosesis gwosès la. Li toujou rekòmande pou IVG a fèt lopital, swa pa mwayen konprime oubyen operasyon paske si deklanchman an fèt san asistans yon doktè sa ka lakoz gwo konplikasyon pou fanm sa a tankou emoraji, kansè kòl matris elatriye.

Nan klinik mwen, mwen souvan jwenn ka avòtman. Nan ti entretyen mwen konn genyen ak medam sa yo, mwen toujou vle konnen poukisa yo pran desizyon fè avòtman. Gen anpil rezon yo evoke genyen ki di yo poko pare pou yo fè timoun paske yo p ap travay, genyen tou ki sibi kadejak men yo pa janm avwe sa akoz menas oubyen yo wont pale sa pou yo pa jije yo, kidonk lè yo vin aprann yo tonbe ansent yo chwazi avòte. Lè nou rankontre ka sa yo nou menm medsen nou dwe ankadre pasyan an bal konsèy pou l simonte eprèv sa.

Nan peyi nou, majorite ka avòtman yo fèt an kachèt ak remèd fèy oswa konprime. Se pou sa yo ba li ti non antèman prive a. Si nou dakò konprann, n apbrive admèt kantite risk sa mande pou fè yon antèman prive.

Feminis yo pa sispann mennen gwo deba sou kesyon sila pou fanm yo rive gen kontwòl ak pouvwa sou pwòp kò yo. Amédie A. Lindor  kise sosyològ, feminis deklare, yon fanm ki deside fè avòtman se uon dwa li ta dwe genyen men malerezman tankou yon pakèt lòt dwa, fanm ayisyèn yo pa rive jwi l. Menm si kèk bat bouch rive fèt sou kesyon an, avòtman pa legal an  ayiti. Sa enplike, medam yo pou yon rezon ou pou yon lòt,  pa ka deside avòte an tout sekirite. Sa pa anpeche pou otan ka sa repete ankachèt nan sosyete a. Otomatikman, lavi fanm nan vin an danje paske pa gen bon jan swen ki mete an plas pou avòtman an rive fèt jan l dwe fèt. Feminis la kontinye pou l di li t ap enpòtan pou òganizasyon k ap travay nan defann dwa fanm lanse yon pledwaye pou fè aktè ki konsène yo mete an aplikasyon lwa sou kesyon depenalizasyon avòtman pou bay fanm dwa pou deside sou pwòp kò yo .

Yon lòt bò daprè  Mèt Sainval Marie Judith, selon kòd penal atik 262 ki an vigè a yon fanm ki deside fè avòtman se yon krim. Pa kont sa, pa gen twò lontan depi gen yon pwopozisyon lwa ki depoze  nan palman an, lwa sa ap legalize avòtman volontè a sizanka fanm sa ta gen yon bon rezon pou sa. Mèt la kontinye poul di, pa egzanp si yon minè oubyen yon fanm mati sibi vyòl l ap gendwa pou l denonse zak malonèt sa epi deside fè avòtman si tout fwa li ta vle. Akoz kriz politik la ki blayi sou peyi a, pwojè lwa sa poko janm ka vote. L ap konkli  pou l di nou espere nan kèk tan ankò pwojè lwa sa ap abouti pou plis jèn fanm jwenn ankadreman.

Konnya ann gade opinyon fanm ayisyèn yo sou zafè avòtman volontè 

Nan leyogàn sou plas piblik anakawona, plizyè etidyant t ap bay opinyon yo sou zafè avòtman volontè a. Yo t tou pwofite pataje eksperyans yo.

Tanya gen 22 lane, bò kote pa l, li aksèpte lide pou yon fanm deside avòte “si se vyole yo vyole l li gen dwa di li p ap kenbe pitit la. Kisa l pral di timoun sa lè l pral mande l kot papa l lè l kòmanse gran?”

Liliane ki gen 25 lane pataje menm   opinyon ak Tanya ”kò fi a pou li, li gen dwa deside si l ap kenbe pitit la oubyen si l ap retire l. Pa fwa jèn gason yo laplipa ladan yo tèlman blofè, y ap montre w yo damou w epi kou yon pitit tonbe yo kouri lè konsa jèn fi a konn dezespere li konn oblije retirel “.

Konsa tou gen kèk lòt ki pa dakò avòtman an. Stéphane li menm gen 26 lane, li  pa t wont pataje eksperyans li ak nou. ”mwen gen yon pitit gason ki gen 3 zan lè m t aprann papa l mwen ansent li te di m li p ap ka kite fakilte l poul al fè vye djòb pou okipe pitit. Li te ban m yon iltimatòm pou m chwazi ant li menm ak timoun nan, mwen te chwazi pitit mwen paske se san m, se nan m mwen. Mwen te di tèt mwen Bondye ap ban m yon mwayen kanmenm pou m okipe l pou m konkli m ap di mwen panse yon jèn fi ki chwazi  fè avòtman chwazi fè yon krim”.

Kerline gen menm opinyon ak Stéphane li gen 23 lane ”mwen menm m ap dakò pou yon fanm fè avòtman sèlman si doktè mande l sa. Si lavi l an danje. Apresa, mwen p ap padone yon fanm ki deside fè avòtman paske li ka toujou bay li nan òfelina si li pa gen mwayen pou l okipe l men jete l la pa bon”.

Medam yo pa t pè eksprime sa yo panse antre yo. Y ap manje, y ap bwè, y ap pale, y ap ri ansanm.  Lè yo fin boukante lide finalman yo deside bay lòt jèn fi parèy yo konsèy. Se Stéphane ki te komanse “Mwen panse si jèn yo te jwenn plis akonpayman bò kote paran yo gen kèk bagay yo pa t ap fè paske gen paran ki pa alèz ak pitit yo, yo pa fè edikasyon seksyèl tifi yo. Mwen panse gen kèk erè yo pa t ap fè”.

Kanta pou Kerline ak Tanya yo ta swete pou leta pran responsablite yo pou yo ta kreye plis sant kominotè k ap genyen bon jan medsen ak sikològ pou ankadre kèk jèn fi ki ta gen lide fè avòtman paske y ap bezwen bon jan konsèy  ak asistans. Li enpòtan tou pou enstans ki konsène yo fè plis sansibilizasyon sou mwayen kontraseptif yo (planin, kapòt ak abstinans) pou medàm yo evite pran yon gwosès yo pa bezwen.

Quitter un commentaire

* En utilisant ce formulaire, vous acceptez le stockage et le traitement de vos données par ce site Web.

Vous pourriez aussi aimer