Lòv pa peye bil

par Mélissa Ferol
249 Vues

Mwen menm ak Stéphanie nou ansanm depi anviron kat lane, lè nou te fenk renmen mwen potko ka ede l nan bezwen li yo paske mwen pa t ap travay malgre paran l pa t vle m men li te pran pasyans avè m. Li te aksepte m janm ye a”  se deklarasyon Mackenson ki gen 30 lane.

Lanmou se yon santiman pwofon k ap degaje nan mitan de moun ki rann yo kont, youn pa kapab viv san lòt. Li souvan parèt sanzatann, san avèti. Souvan fwa, santiman sa yo konn pote gwo chagren ak gwo dezespwa lè li pa resipwòk nan yon peyi tankou Ayiti kote majorite moun nan chomaj. Lamanjay se gwo liks epi ensekirite ap vale teren. Li enposib anpil pou de jèn ki p ap travay konstwi yon relasyon k ap dire si pa gen bon jan volonte. 

Odette Valbrun se yon coach relasyon koup li deklare, aprè mank kominikasyon la syans fè konnen, mank mwayen ekonomik se yon gwo pwazon ki ka kraze yon relasyon si de moun sa yo pa gen objektif. Se sa k fè li toujou enpòtan lè de jèn renmen pou yo gen metye nan men yo, lè sa relasyon an ap gen plis sans paske chak patnè yo ap gen pwòp objektif pa yo nan lavi a. Kotch Odette kontinye pou l di ”lè de patnè vin nan kabinè m premye kesyon mwen poze yo se èske y ap travay ? Paske souvan fwa mwen toujou rankontre  pwoblèm sa nan seyans kotching yo e pi gwo konsèy mwen konn ba yo se eseye kreye Yon biznis ansanm “.

Lov pa peye bil, s on slogan ki nan bouch tout jèn fanm ak jèn gason sitoi ak dènye soti Baky a. Chak moun ap chèche sipò yon patnè ki pou soutni yo ekonomikman, gen sa ki menm pran mesye marye nan lide ki pou okupe yo. ”Manman m mouri, papa m mouri tou. Mwen sou kont tèt mwen, èske m ka al pran yon gason pou lanmou sèlman ?” se deklarasyon sylvanie ki gen 19 lane.

Èske lanmou peye bill ? 

Li te fè katrè nan aprè midi sou plas Senpyè yon gwoup jèn te reyini nan lide pou yo boukante lapawòl sou divès sijè tankou pwoblèm politik peyi a, lamizè k ap vale tèren chak jou pi plis men gen yon sijè ki te plis mennen deba a se koze lanmou san lajan. Yo te anviwon senk jèn fanm ak jèn gason yo chak t ap bay opinyon yo genyen. Genyen ki te kont, genyen ki te dakò e yo te tou pwofite pataje eksperyans pèsonèl yo. Samuel se yon etidyan ki nan katriyèm ane medsinn l ap rakonte istwa l ak menaj li ki nan dezyèm ane agwonomi “nou gen kat lane renmen se vre moman yo konn difisil, men nou reziste nou gen espwa yon jou sa ap chanje paske nou se de pwofesyonèl. Mwen menm, mwen kont eslogan sa ki deyò a k ap di lanmou pa peye bil lan paske jèn yo pral pran moun yo pa ta sipoze pran ki ka lakoz gwo konsekans sou lavi yo pi devan”. 

Kounya se tou pa Mackenson ak Stéphanie, yo te chita ansanm kòt a kòt, men nan men. Yo pa t pè eksprime sa yo santi youn pou lòt an piblik “mwen menm ak Stéphanie nou ansanm depi kat lane, lè nou te fenk renmen, mwen potko ka ede l nan  bezwen li yo paske mwen pa t ap  travay malgre paran li pa t vle m men li te pran pasyans avè m. Li te aksepte m janm ye a kounya m ap travay, mwen ba l kòb pou li kreye biznis. M ap tou pwofite di nou se vre bagay yo difisil nan peyi nou ak tout pwoblèm ki ladann yo men li preferab pou nou soufri ak yon moun nou konnen ki renmen nou toutbon olye pou nou al pran yon moun ki p ap pè depanse men ki jis vle abize nou, k ap pwofite de vilnerabilite nou” se deklarasyon Mackenson ki gen 30 lane.

Yon lòt bò, gen kèk nan yo ki te kont opinyon Mackenson ak Samuel la pou yo menm yon relasyon kote de moun p ap travay p ap dire “bon nan peyi di sa mezanmi si m gen yon menaj, li dwe ap travay fò l ka ede m ekonomikman. Mwen pa di a 100% men kanmen m, li dwe fè yon bidjè pou mwen sou salè li. Mwen vrèman pa wè kòman relasyon sa pwal dire. Mwen pa di yon jèn pa dwe kwè nan lanmou dayè li se yon bèl bagay men chwazi yon moun ki ka ede nou omwen a 40% paske bagay yo di deyò a” se te deklarasyon Beverly ki gen 26 lane. 

Deba a te enteresan e li te fèt nan respè yo chak te respekte opinyon lòt menm lè yo pa dakò youn ak lòt. Finalman gen youn nan yo, Wobè, li gen 33 lane, li marye epi li deside bay konsèy li. Li kòmanse pou li di ”tout sa k bon pran tan. Li mande sakrifis. Lajan pa fè bonè men lajan kontribye nan bonè. Nou pa dwe kite l mennen relasyon nou. Sa ki enpòtan se mete konesans nan tèt nou. Si nou pa ka rantre nan fakilte pou aprann yon metye manyèl avèk li n ap ka jere tèt nou. Mwen ak madanm mwen konnen anpil moman difisil tou men nou te deside mete kòb ansanm pou nou kreye yon biznis. Tout sa nou genyen nan lavi se detèminasyon ak pèseverans”.

Gen kèk pèsonalite enpòtan ki twite osinon eseye bay dizon yo sou tiktòk. Tankou Gaëlle Bienaimé li menm twouve li konplike anpil nan yon fòm sosyete konsa kote tout rapò nou ak fanm se koko yo, se konplike pou w al di yon fanm pa bezwen lajan fason. Pou dayè, selon komedyèn lan, tout chwa travay yo ak anpil lòt posiblite fèt sou baz sèks moun. Li nòmal pou pi fò nan kantite fanm ki pa ka entegre mache travay la konprann kò yo se biznis epi gason yo menm lage tankou ti bèt, yo pasi pala. Fanm lan lib pou l itilize kò li jan li vle lè l vle depi sa pa deranje li.

Quitter un commentaire

* En utilisant ce formulaire, vous acceptez le stockage et le traitement de vos données par ce site Web.

Vous pourriez aussi aimer