Foutbòl Bonbad : Masavon pwopoze yon chanpyona nan non Léonce Valbrun

par Oralus Christ-Falin
416 Vues

Pandan tout pwomotè espòtif ap planifye oswa soti afich pou lanse chanpyona nan blòk yo, jenn Masavon, ki abitye òganize koup mundialito deside fè retrè ane sila pou fasilite premyè edisyon chanpyona Koup Léonce Valbrun. Chanpyona sa vize rann omaj ak pèsonaj sa ki ta sanble te jwe yon wòl enpòtan nan kominote a. Ekip Bombarde Info a te rankontre yon manm nan ekip la pou kèk detay sou aktivite a.

Johnny Inozias: Lide pou n pran inisyativ sa sòti nan mitan pitit Léonce avèk pitit pitit li yo. Léonce se yon pèsonaj si m ta di yon notab nan zòn nan. Léonce prèske genyen 30 a 40 pitit a pitit. Si youn nan nou ta gen yon tèt fè mal, kiyès pou manman nou ak papa nou ap rele se Léonce. Si w ap deplase kite bonbad, pou ap vini pòtoprens, premye moun pou al di sa se Léonce. Li gen yon grenn bagay pou l diw, pitit mwen ret trankil se remèd kò😂😂. Sa vle di Léonce Valbrun, se te poto mitan nan fanmiy lan.

Pou sa ki gen pou wè avèk foutbòl, m te ka konsidere Léonce kòm ban dèyè ekip nan ravin nan. W ap jwenn Léonce chita anba pye tamaren an pou l ap chofe ekip li rèd. Sa fè m sonje yon gwo pèsonaj kite toujou avèk li, se Ti sonmay. 2 pèsonaj sa yo se te premye fanatig ekip la.

Lide a se pou n toujou fè gwo potorik gason sa toujou rete vivan nan memwa fanmi ak zanmi li yo. Se rezon ki fè chanpyona a pote non li. Fòk nou di tou, Léonce se premye donatè espas teren foutbòl Masavon an tou.

Bombarde Info : Kilè chanpyona a ap kòmanse epi kòman nou chwazi dat sa?

Johnny Inozias: Ouvèti chanpyona a se 13 dawout 2023. Nou chwazi dat sa a parapò avèk kandriye eskolè a anplis lòt chanpyona k ap genyen nan epòk vakans lan. Pou n evite youn monte sou lòt. Epi nou prevwa fè gran final la 2 septanm 2023.

BI : Kiyès ki fòme ekip la ?
Johnny Inozias: Komite an pa yerachize tankou pou l gen prezidan, vis prezidan… Se yon inisyativ nou pran nan fanmi Léonce Valbrun pou n òganize aktivite foutbolistik sa. Mwen se youn nan responsab kominikasyon nan inisyativ la, John Makenzy Inosias. Mwen genyen tou Isbert Valbrun ki se kouzen m, se nou de sa ki prensipal pwomotè ide sa aprè tout manm fanmiy lan reyini w ap jwenn : Rickson Valbrun, Wilkenson Inosias, Janrocelet Valbrun, Pascal Valbrun ak anpil lòt ankò si m ta pran site.

BI : Kijan nou repati prim yo?
Johnny Inozias : Pou sa ki gen pou wè avèk prim yo, yo repati konsa :
Ekip chanpyon an ap jwenn yon anvlòp👉125 000 goud + meday
Vis chanpyon an ap jwenn yon anvlòp👉75 000 goud + meday

Ekip ki vini twazyèm nan ap jwenn 35 000 goud.

Ap genyen prim pou meyè jwè, meyè gadyen ak meyè bitè. Lòt seriz sou gato a, nou prevwa prim de match. Chak fwa yon ekip fè viktwa, l ap resevwa 5000 goud. Chak fwa li fè match nil l ap resevwa 2500 goud.

BI : Èske nou gen yon kote nou vle rive ak lide sa?

Jonnhy Inosias : M panse wi, janm di l la, se toujou fè pèsonaj sa rete vivan pou tout jenerasyon k ap vini yo sitou nan fanmiy ka konnen kisa gran papa nou kite pou nou kòm eritaj.

Quitter un commentaire

* En utilisant ce formulaire, vous acceptez le stockage et le traitement de vos données par ce site Web.

Vous pourriez aussi aimer