Klasman ekip Bonbad yo pou ane 2023 a selon Iki Mag

par Oralus Christ-Falin
207 Vues

Avan chanpyona yo te kòmanse nan Bonbadopolis, mwen te fè yon pòs sou facebook kote mwen te klqse 5 meyè ekip sou plato Bonbad la pa rapò ak rezilta ane pase yo. La Paz del mundo ke mwen te mete nan tèt lis la pa chanje. Li rete pou mwen, meyè ekip sou plato Bonbad la.

Epi gen FC Crève ki kite estad revelasyon an, k ap enpresyone moun. Se vre, Club la manke siprann nou sou pelouz la, men, yo bay rezilta. Yo fizik, yo pwagmatik, epi klik.

Ou pata biliv dat, Fc Crève ak La Paz gen yon final pou yo jwe ansanm la nan jou sa yo.

Grand Final Coupe Esnel

Frères Unis pa rive jwe final yo men l ap jwe 2 demi final ak 2 mat klasman (Coupe Esnel ak Coupe Leonce).

Fc Bourg ka gade plas li nan lis 5 lan
New Star ka gade plas li nan lis 5 lan
Star de Jean Macoutte pèdi plas li

E si m t ap reklase yo, mwen t ap fè l konsa :

1- La Paz
2- Fc Crève
3- Fc Bourg
4- New Star
5- Frères Unis

Ekip revelasyon yo anpil :

  • Bèl Kolòn
  • Tabasko
  • La refòm
  • Grande Savanne
  • Alandona Dieu

NB : Mwen p ap klase Fc Veteran nan youn nan lis sa yo. Pou mwen Veteran se lekòl la. Menm si yo pa rive bay sa n ap tann lan.

Nou pa oblije pran m oserye toujou. Ou ka wè tout sa m sot di yo se koze kremòl.

Sonje abòne ak Iki Mag pou w sa gade kèk bèl gòl kite fèt nan chanpyona yo.

Kredi Foto : Jupiter Haïti Reports

Ikigay

Quitter un commentaire

* En utilisant ce formulaire, vous acceptez le stockage et le traitement de vos données par ce site Web.

Vous pourriez aussi aimer